Manman manman ay ay Di mwen kote w ye ay ay Manman manman ay ay Èske wap tande m Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke Nou pa kapab ankò leta Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke Nou peyi a an reta Pèp la bouke manje mizè Palemantè menm ap milyonè Bwat leta yo plen raketè Opozisyon chaje magouyè Nou fout bouke Nou bouke, nou bouke wap voye kraze brize Nou pa kapab ankò leta pitit ou ap etidye a letranje Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke (Nou genlè pran m pou egare) Nou peyi a an reta Pale le le pale Fòk leta a pran pozisyon chita pale Pale le le pale Fok nou jwenn yon teren dantant pou n avanse Eske konsyans yo pa touche yo Lè malere pa ka manje Kòb ameriken ap monte wo Gazolin nan pa bon mache Ay yo touye on bann jounalis jean dominique Leta pa ka bay jistis Yap vòlè kòb nan lona Pèp la ap manje nan fatra Manman m te ka vivan toujou tande Si lopital kanapevè te kite l antre Senk mil goud sèlman ki li bloke Nou kite tansyon l desann jouk kan kè li bloke Nou gen manman tou mesye San konsyans nou pa respekte lavi San konsyans nou san konsyans tande San konsyansneg yo mechan San konsyans Gade gè gade gè Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo Gade zam, gade zam Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo Bèlè tire pow, delmas 2 reponn pow pow Touron tire pow, lasalin reponn pow pow Tibwa tire pow, granravin reponn pow pow Boston tire pow, bedekou reponn pow pow Gade gè gade gè Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo Gade zam, gade zam Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo Pele tire pow, metisimon reponn pow pow Pilat tire pow, sitededye reponn pow pow Raboto tire pow, jibele reponn Si n vle pou gen chanjman fòk gen dezameman Nèg kip a gen machin toujou ap boule machin moun nan lari a Lè yap manisfeste Nèg ki pa gen biznis toujou ap kraze biznis moun nan lari a A lon ti pèp sovaj wo Nou fè peyi a lèd ye iye Nou gendwa manisfeste wi San nou pa kraze brize wi San n pa mete dife oh kote nèg yo fè Chaje nèg ki nan manwon pou lajan petwokaribe a Gen nèg debyen ki nan mawon - pou lajan petwokaribe a Gen milat ki nan mawon pou lajan petwokaribe a Gade vòlò ki nan mawon pou lajan petwokaribe a Si mizè nan bouda w Pwoblèm nan bouda w Lavi chè nan bouda w Mete bagay anlè pou w dedouble Dedouble Mayo anlè dedouble Mouchwa anlè dedouble Kepi anlè dedouble Drapo dedouble Dedouble souke Woy woy gadon doulè gadon doulè Woy woy gadon doulè gadon mizè Peyi a sa manje manman m Li manje papa m Kounya san fanmi m lage debra pandye wo Lajistis san konsyans wo, ede m rele Anmwey, jouk kilè sa va chanje Anmwey, an verite nou fout bouke Lasalin moun ap tonbe se kochon kape manje yo Lapolis pap menm byen touche nan lari yape boule yo bondye Met men anlè pou n chache pou letènel La si gras la vini a dwat n ap pran l Si l vini a goch n ap pran l Si l vini a dwat n ap pran l Si l vini a goch n ap pran l A dwat n ap pran l A goch n ap pran l A dwat a goch n ap pran l Ayiyay iyay iyay he he he Ayiyay iyay iyay oh oh oh Mkatè yo mele Mache ti tony yo mele Haitnet se sa net yo mele Yo mele yo mele pi rèd Bienvenu auto parts yo mele Kafe ti pilon yo mele Magi interstate yo mele Richele rotela yo mele Ayiyay iyay iyay he he he Ayiyay iyay iyay oh oh oh Suzuki yo mele Tirezone yo mele Yo mele Yo mele yo mele pi rèd Rebo hot sauce yo mele Kreyolito yo mele Yo mele yo mele pi rèd