G on bagay ki pa menm, g on bagay ki pa byen M pa vle kouri plenyen, se gen dwa sèl mwen Sa pa anpeche ke m santi nou bloke Pase n vanse, n ape degrengole Se pa sa m te wè pou nou de, kisa k rive m ap mande Nou nan menm kay nou pa janm kwaze Chita sou tab, men nou pa pale Sou menm kabann nou pa janm kouche Se pa ou m te konnen Ki dènye fwa ou gade m nan je Menm gou bouch ou mwen paka sonje Menm nan panse nou pa karese Se pa ou m te renmen Mwen di ou chanje Chanje, chanje, chanje Mwen di ou chanje Chanje, chanje, chanje Santi nou pa nòmal, tout jès nou vin bosal Diskisyon tounen koral, relasyon sa kanbral Kòman pou n sot nan sa, si nou pa menm kote Tout sa ki senp tounen egzajere Se pa sa m te wè pou nou de, kisa k rive m ap mande Nou nan menm kay nou pa janm kwaze Chita sou tab, men nou pa pale Sou menm kabann nou pa janm kouche Se pa ou m te konnen Ki dènye fwa ou gade m nan je Menm gou bouch ou mwen paka sonje Menm nan panse nou pa karese Se pa ou m te renmen Mwen di ou chanje Chanje, chanje, chanje Mwen di ou chanje Chanje, chanje, chanje Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Kiyès m ap ye san ou, kiyès w ap ye san mwen Sa n pral fè, o-o-o, sa n pral fè ak lanmou nou Konnen m pa gen fòs pou mwen kontinye Men m pa santi kouraj pou m rekòmanse Kè m mele, li mele, woy Wi, kè m mele, li mele, wo-o Kiyès m ap ye san ou, kiyès w ap ye san mwen Sa n pral fè, o-o-o, sa n pral fè ak lanmou nou Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Se ou k chanje, pa lage l sou mwen Kè m mele, li mele, woy Wi, kè m mele, li mele, wo-o Li mele, woy Wi, kè m mele, li mele, wo-o