Pa gen bèl flè san pikan m vin wè nan ki m pran La m ap soufri lontan, m anvi souri men ak ki kran Avni nou pwazonnen, demen nou pa sèten An plas n ap patinen sou kont desten Galantri m pa sifi, anyen m pa epate w Apwoche w s on defi, pou m viv trankil fòm ekate w W ap fè m pase mati san w pa reyalize m ka fou Apre tout sakrifis mwen fè Twòp kapris avegle w Tout kouraj ak efò m pase an ven Ou ekzije m plis mwen pa lage w Ou konprann se renmen w ki feblès mwen Ou mèt pouse mwen Nan je m w ap toujou gen rezon Ou mèt maltrete mwen Sèl ou ki konte pou mwen Ou mèt pouse mwen Nan je m w ap toujou gen rezon Ou mèt maltrete mwen, w ap konte Nan kwè si m vle m kapab si m pa vle map koupab Fè tèt mwen yon esklav, yon zonbi lib k ap fè epav Feedback yo negatif Nan tout vwazinaj la tout moun pran pale nan koze n Twòp kapris avegle w Tout kouraj ak efò m pase an ven Ou ekzije m plis mwen pa lagew Ou konprann se renmen w ki feblès mwen Ou mèt pouse mwen Nan je m w ap toujou gen rezon Ou mèt maltrete mwen Sèl ou ki konte pou mwen Ou mèt pouse mwen Nan je m w ap toujou gen rezon Ou mèt maltrete mwen, w ap konte Pou m te ka fè w yon bèl melodi Mwen fè tèt mwen yon gwo mizisyen Pou n te toujou ini, an amoni Pou sa kap tande n santi n byen akòde Lavi nou chifonnen, li mande repase Relasyon n ap trennen, li mande repanse Lavi nou chifonnen, li mande repase Relasyon n ap trennen, li mande repanse Yon ti dispit nan senk segond Baboukèt fè mizo Tankou n te gentan nan lòt mond Relasyon nou kase le zo Nou paka tande n paka wè Paske n pèdi rezo Lè mwen ofri w yon bèl boukè Ou pran m pou mawozo Lavi nou chifonnen, li mande repase Relasyon n ap trennen, li mande repanse Lavi nou chifonnen, li mande repase Relasyon n ap trennen, li mande repanse