M jis wè w lespri m sote Gen yon bagay nan jan ou gade m Ou pa di m men m konprann ou Chalè w gentan boule m, doudou M santi m antre san pèmi Se pa jwèt, se pa plezantri Si w santi l tou, vin wè sa N ap boule nèt si ou sou sa Doudou voye je w pou wè m M la pou ou, pa fè sanblan Si ou vle menm jan avè m Nou ka fè kè n kontan Si w di wi, nou gentan la Cheri, m ap tou ba ou l la Pa vin dodine, ou deja wè Se ou m vle, se sou ou m ye M santi w pare Pa pèdi tan, sere m san rete M santi w deja pare Pa fè diskrè, ann vwayaje Tout vizyon m deja klè Se sou po w m vle benyen Pran plezi tout jounen San pèdi nwit, pran kè m tout lè Doudou voye je w pou wè m M la pou ou, pa fè sanblan Si ou vle menm jan avè m Nou ka fè kè n kontan Si w di wi, nou gentan la Cheri, m ap tou ba ou l la Pa vin dodine, ou deja wè Se ou m vle, se sou ou m ye Mete bagay nan men m, cheri Mete bagay nan men m, baby Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou (Mwen wè m nan ou) Pa di m non, cheri, pa di m non, boubou (Mwen wè m nan ou) Je ou di m anpil bagay, doudou Ou wè tou, baby, wè sa tou, doudou M annik kwaze w, mwen tonbe pou ou Je w se lanmè, m swaf pou m plonje Nan bra w, m vle fonn, bebe Chalè w se solèy mwen, limyè nan fènwa m M pa ka tann, vi n ban m sa Vwa w se mizik nan kè m, doudou Kò w s on zèv m swaf pou m touche Gade byen, m anvi w, bebe M vle plonje, pèdi nan ou Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou (Mwen wè m nan ou) Pa di m non, cheri, pa di m non, boubou (Mwen wè m nan ou) Je ou di m anpil bagay, doudou Ou wè tou, baby, wè sa tou, doudou M annik kwaze w, mwen tonbe pou ou