Se verite lè m di w m renmen w Men se pa yon rezon Pou lanmou sa tounen yon fwèt Santiman pa peche Jan w viv avè m montre a klè Lasosyete wè ke relasyon'n g'on fòs kote Fò n pran responsablite nou Mwen avè w nou te de zanmi N wouze lanmou jouk li grandi Fòs nou se te konpatibilite n Anyen pat ka separe n N te toujou ap souri M pa vle kwè se te yon manti Ke mwen avè w se pou lavi Kounyea nou pa menm ka pale Neglijans ou koz nou pèdi tout konplisite n M poko pare pou n kite There is no way, never M poko pare pou n kite There is no way, never Mwen konnen g on pil bagay mwen fè w ki pa sa bebe Gen anpil vye mo mwen di w pou w ta kite sa Mwen fè w sispann souri Dlo nan je w mwen mete Mwen fè w paka dòmi Tout lannwit w ap panse Men cheri kounyea m reyalize Ke san ou lavi mwen pap dire Men cheri kè m ap dechire Mwen sonje nou M ap mande w padone mwen M poko pare pou n kite There is no way, never M poko pare pou n kite There is no way If you know, you know I got you There is no way, m poko pare There is no way, m poko pare M pap ka kite w ale Kote m pran kè pou m soufri Ou deja gate m pou lavi M pap ka kite w ale Kote m pran kè pou m soufri Fò w bò kote m pou m souri Ou konnen w bon pou mwen (M pap kapab) Se nan bra w m santi m byen (M pap kapab cheri) Ou se sèl moun ki tolere m Ki konn tout feblès mwen M pap ka kite w ale Kote m pran kè pou m soufri Ou deja gate m pou lavi M pap ka kite w ale Kote m pran kè Hehey Yo gen djaz nou gen òkès Rutshelle Gabel Nou refè l ankò M pap ka kite w ale Kote m pran kè pou m soufri Ou deja gate m pou lavi M pap ka kite w ale Kote m pran kè pou m soufri Fò w bò kote m pou m souri