Se chak jou map rakonte w Se chak jou mwen eksplike w Kijan m gen lanmou pou ou Baby Ki rèv mwen genyen pou nou Kijan mwen wè avni nou Pou nou rete ale jiskobou Pa kite anvi trennen w Men kite lanmou Mennen w Laj ap rantre jou ap pase Nou ap grandi fò n panse sou avni n Si n vle demen pou n pa nan plenyen Pral gen pitit, pral gen fwaye pou n okipe Se vre nou jèn fò n pwofite Men pa bliye, se laj k’ap rantre Fòk nou panse kijan nou vle demen nou ye Si nou pa vle regrete Gad jan w fè tèt ou mal Kite lanmou mennen w Pa kite anvi trennen Jere demen ou Panse a desten w Pa kite moun enfliyanse w Kite lespri w dirije w Fòk ou pran tèt ou Fò w poze san ou Fòk ou renmen moun ki renmen w Men ki pap janm lage men w