Mwen sakrifye’m pou fanmi Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa Mwen sakrifye’m pou zanmi Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa Malgre sa m’pap chanje M’ap rete moun mwen ye a Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt Menm si yo pa rekonèt sa Kòm yon pwovèb ki di fè byen se fwèt Ebyen l’ap kale mwen jouk tan’m mouri Sansibilite’m se pi gwo feblès M’paka sipòte wè moun ap soufri M’konn pran pwoblèm lòt moun tankou se pa’m Mete’l sou do’m, ap chèche solisyon Lè sa pa mache, se mwen ki koupab Se mwen’k antò, ki merite baton M’pa dòmi pou yo M’pa manje pou yo Met tèt mwen an dènye pou yo Mwen mache pou yo Mwen chèche pou yo Sakrifye lavi’m pou yo Mwen sakrifye’m pou fanmi Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa Mwen sakrifye’m pou zanmi Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa Malgre sa m’pap chanje M’ap rete moun mwen ye a Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt Menm si yo pa rekonèt sa Yo di mwen di, yo di mwen fè Bagay yo pa konfime Sa ki t’avè’m kouri ban’m do M’sezi, ban’m yon konprime Manman demon, manman pa bon Granmèsi chyen se kout baton Mwen pa takle, Mwen pa fè fòt Yo fou’m deyò, mwen pran katon Sa pat dwe janm rive Men sa pat dwe janm rive la Repitasyon’m ap drive Pou repitasyon’m ap drive la Mwen sakrifye’m pou fanmi Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa Mwen sakrifye’m pou zanmi Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa Malgre sa m’pap chanje M’ap rete moun mwen ye a Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt Menm si yo pa rekonèt sa