Tan an pase kè k te brize yo repare Tout doulè mwen yo efase Wi mwen ka di mwen prepare Pa paske'm an mank Tout dlo je yè yo tounen lank Pou yon pi bèl istwa lanmou On pi bèl istwa lanmou M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou Flè yo fleri Lavi a reprann tout dwa li Maladi sèl lanmou k geri Mwen pliye anba pouvwa li M pare pou m bay Tout sa m ta renmen resevwa Kite'm chante yon lòt istwa a Chante yon lòt istwa M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze Mwen rete kwè 2 kè ka kontre Bon moun lan, nan bon moman an Bèl istwa pou'n rakonte Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze Mwen rete kwè 2 kè ka kontre Bon moun lan, nan bon moman an Bèl istwa pou'n rakonte Tankou yon fenix, mwen renèt Flanm ki anndan mwen an ravive Flanm ki anndan mwen an ravive M'pare pou'm rekòmanse renmen nèt Se sèl lanmou ki bay lavi vre Se sèl lanmou ki bay lavi vre M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m M pare, m pa pè w ankò Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze Mwen rete kwè 2 kè ka kontre Bon moun lan, nan bon moman an Bèl istwa pou'n rakonte Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze Mwen rete kwè 2 kè ka kontre Bon moun lan, nan bon moman an Bèl istwa pou'n rakonte