1 + 7 Yo This is Steves J. Bryan Si verite te on rad nèg sa yo tap mache sal Anba je yo la pitit pèp la ap grandi Anba je yo la grenn pa grenn y ap depeyize Anba je yo la kit ou pran pwen kit wap priye Nan pye Jehova nou tout g on bagay n ap chèche M wè wap bay tèt ou manti Kit ou ret anlè ou anba di w la ou g on misyon Se Ayisyen k fè Ayiti Si w wè pwoblèm deyò a se paske n merite on netwayaj anndan G on jan ou wè l men g on jan l ye N on ti pò ki chaje prens se kontradiksyon ki wa Yo di nou rayisab poutan n renmen tè nou Lè yo pap vann peyi yo pitan vin vann lafwa Tande kri a oh Yo vle bouche bouch nou Men yo bliye si silans konn pale - kite m di sa oh Yo panse n nan fè nwa men nou jwenn limyè anvan soley leve Tande kri a yo Yo pito ba nou zam olye yo ba n verite - kite m di sa oh Depi w renmen l ak kè w wap kontan wè l pwogrese Flote wo, flote wo N ap flote oh, flote wo Pitit yon Dominikèn ki renmen a yon Ayisyen M te gentan travay sou tèt mwen Sa vle di m konn rasin mwen byen Soy el nino de la isla un artista Alma de un leon el ultime campion M konn lè pou m limen balèn m konn lè pou m jete wonm M konn sa k mache avè m sa k pi enpòtan m konn non m Jistis m vin mande jistis men mezanmi sa tris Sa k tap pale yo konplis Depi lè nèg yo met vès yo bliye sa yap defann Dèyè je yo pa gen nanm Yo bliye si se machann ki manman n Tande kri a oh Yo vle bouche bouch nou Men yo bliye si silans konn pale - kite m di sa oh Yo panse n nan fè nwa men nou jwenn limyè anvan soley leve Tande kri a yo Yo pito ba nou zam olye yo ba n verite - kite m di sa oh Depi w renmen l ak kè w wap kontan wè l pwogrese Tande kri a oh M di 1 + 7 ou konnen l egal wouj e ble - kite m di sa oh Nan non premye papa High Mind s on religion li ye Flote wo, flote wo N ap flote wo, flote wo Nice beat Ahah