Pa rete lwen m Distans konn pran plas renmen Ou iranplasab Sa vle di nou enseparab Pa gen lontan ou tap kesyone m Ou kwè ke m ap reviv ankò Se pi gwo enkyetid mwen Mwen te pansyan mwen tap priye Pou lanmou ban m men ankò Se pi gwo dezi m te gen Depi w antre nan vi m Ou fè m m ap fete Souvan banm pote jou nan obskirite Li pa fasil pou m santi m konsa Feeling sa dwe rete la Lè w pase men sou mwen M santi m reyanime tout selil andan mwen Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase N ap renmen jouk souf nou koupe Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase N ap renmen jouk souf nou koupe Gad jan on lanmou enseparab M pa konte chans ou fè kè m konfyans Je fèmen m ap swiv ou, ou pap lage nan twou Ou kenbe m ou sere m - epi Ou anbrase m S on kouran k travèse m li vinn elektrifye m S on santiman ki resipwòk e li pa la pou yon epòk Tout bagay sa yo fè m santi sa s on lanmou enseparab hey Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase N ap renmen jouk souf nou koupe Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase Nou damou nèt ale Vice 2k, ok Cheri m pare pou m renmen w - pou lètènite Men frèt kach la Zafè, zafè - kite mele m ak moun sa yo Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo, kite mele m, kite mele m M pa kyè, m pa kyè - kite mele m ak moun sa yo Tande sa pa alamòd ankò zafè yo - kite mele m, kite mele m Gad jan on lanmou pote m ale M damou, m damou Zafè, zafè - kite mele m ak moun sa yo Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo, kite mele m, kite mele m M pa kyè, m pa kyè - kite mele m ak moun sa yo Tande sa pa alamòd ankò m pa kyè non, kite mele m, kite mele m Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase N ap renmen jouk souf nou koupe Enseparab, nou enseparab Lanmou n mèt pliye l pap kase N ap renmen jouk souf nou koupe