Bon bagay yon mangonmen nan zòn nan la Yo di nenpòt jan l ye, ba yo Vice la 2017 Kote w te ye T-Vice, kote w te ye Chanmas te branche men ou pa t rive (Tout moun t ap mande) Kote w te ye T-Vice, kote w te ye San mèt beton an te manke on bagay Wi ane pase nou te deside pou n f on kanpe akoz de ensekirite Te gen kriye paske vid la pa t konble Yo di san T-Vice pa gen kanaval Kote w te ye T-Vice, kote w te ye Chanmas te branche men ou pa t rive (Tout moun te gen dlo nan je) Kote w te ye T-Vice, kote w te ye Ane sa a nou retounen, nou pral vole pi wo pi wo Pi wo pi wo pi wo, nou pral vole pi wo (Souke drapo djaz la) Pi wo, pi wo, nou pral vole pi wo (Woz e jon bebi) Pi wo, pi wo, nou pral vole pi wo Pi wo, pi wo, nou pral vole Fanatik yo di, nou te fè l deja, nou pral fè l ankò Okay cheri men chanpyon an Ayi a o o Antèn nou branche wo Ayi a o o Nou kouvri tout rezo Pa gen anyen, pa gen anyen n pa konn nan ti peyi sa a Ayisyen byen branche, atèn yo toujou wo Pa gen anyen, pa gen anyen n pa konn nan ti peyi sa a Depi w pa nan vòle, leve 2 men w anlè Pi wo, leve l, leve l Pi wo, leve l pi wo Pi wo, leve l, leve l Pi wo, pi wo... Woy nou pa pè anyen Woy woy T-Vice pa pè anyen Woy nou pa pè anyen Woy woy T-Vice pa pè anyen (Y ap mande m pou Toto, men Toto) Men Toto Men Toto - Kale kale l Men Toto - Ba yo Toto Men Toto - Y ap mande pou li Men Toto - Men ni nan bann nan Men Toto - Men ni nan djaz la Men Toto - Ti medam mwen yo Medam yo, mande Toto Medam yo, mande Toto (Men nèg Moving On nan) Medam yo, mande Toto (Tout peyi a k ap mande l) Medam yo, mande Toto (Men Toto) Men Toto - Kale kale l Men Toto - N ap ba yo l ba yo l Men Toto - Men Toto Vice Men Toto - Men Totobeat Men Toto - Toto Jera Men Toto - Ba yo Toto Men Toto - Toto pa janm pè Nou pa pè ti dyab, nou pa pè gwo dyab Gen towo, gen towo, gen towo pase towo Ole ole, ole ole... Bon ban m pale ak mò vivan yo Yo f on ane ap peche pwason Y ap veye kanaval pou vin ranse Depi Ti Khé kite ou retonbe a zewo Tankou bann ti bebe k ap goumen pou bibon Kanaval w ap veye tankou chyen fou deyè zo Ou sou bouda, ou sou bouda Ou sou bouda, ou sou bouda Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan Pandan m ap vole wo, ou menm ou a zewo Fèmen dan w, fèmen dan w, fèmen dan w Ou pa sou anyen Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan, ou s on mò vivan Alo vouzan Yo rele n mèt beton, se pa pou anyen Depi se kanaval toujou pi move Tankou fize k - tchaaa Tankou kanon ki tire bim Tankou peta k peta - baw Djaz sa s on bouldozè, depi w wè l ap rive Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Vire touwon, vire touwon Vire touwon, vire touwon Poze poze nèt Poze poze nèt Poze poze nèt Yo rele n mèt beton, se pa pou anyen Depi se kanaval toujou pi move Tankou fize k - tchaaa Tankou kanon ki tire bim Tankou peta k peta - baw Djaz sa s on bouldozè, depi w wè l ap rive Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Chemiz anlè vire touwon Vire touwon, vire touwon Vire touwon, vire touwon Poze poze nèt Poze poze nèt Poze poze nèt (Wey) Men orijinal la Wey Wey Men T-Vice la nan dada w Men T-Vice la nan dada w Men T-Vice la nan dada w Men T-Vice la nan dada w Ay kouri kouri - men T-Vice la nan dada w Ay men ni men ni men ni Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa Fanatik yo di Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Men Vice la, men Vice la Pa manyen djaz sa Wa boule, wa boule Wa boule, wa boule Wa boule, wa boule Wa boule, wa boule Ou poko nan jwèt manman w Blòde k fè k marye k ap pran zoklo Ou poko nan jwèt manman w Pa ka pale nan koze moun Ou poko nan jwèt manman w Gade dosye a nan lari a Ou poko nan jwèt Ay ay pa pale, Shabba s on papa a a Ay ay pa pale, ay femen bèk ou Ou tande okay ou gen latranblad, 2 kabès baw!