Je t'aime Haiti Ayiti m pap janm kite w Ayiti se peyi pa m An n rekonstri Ayiti Ayiti kenbe la Gad'on tradeji ki tonbe sou peyi n Tande moun k'ape di Ayiti fini Mwen di non, non pa dekouraje Mwen di non, non nou gen pou n leve Ak lafwa Bondye Madi 12 janvye yo rele m fè m konnen gen yon state of emergency Lè mwen lumen tele m wè tout moun do nan je Se peyi a ki fè k tranble M wè palais tonbe, DGI kraze, Montana pa egziste Sacre Coeur nan lari, Leogane ap soufri Jacmel depafini M'ap mande konbyen moun ki frape Tout moun nan lari y'ap panike Eske se reve m'ap reve O Bondye eske fanmi mwen epargné? Zanmi mwen OK? Pouki se peyi m sa rive? Gad'on tradeji ki tonbe sou peyi n Tande moun k'ape di Ayiti fini Mwen di non, non pa dekouraje Mwen di non, non nou gen pou n leve Ak lafwa Bondye Rele papa Bondye Pitye pou Ayiti Rele papa Bondye Pitye Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Everybody stand up, never ever giving up Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa M'ap priye pou tout moun ki pèdi on pwòch nan moman sa a Kenbe la, kenbe la Ayiti peyi mwen, malgre tout mizè nou pase Kenbe la, kenbe la Fò w kenbe, nou pap lage non Pèp Ayisyen m avè n, e m pap lage Rele Papa Bondye Pitye pou Ayiti Si nou fè mal tanpri padone nou Rele Papa Bondye Rele Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa We are one, together we shall overcome Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa Pap janm lage non (Kenbe la) N'ap kenbe Kenbe la, kenbe la Wo... Ayiti sou jenou men li pa kouche (Kenbe la, kenbe la) L'ap releve (Kenbe la) Se pa premye fwa Ayiti pran frap Men n pa janm dezespere (Kenbe la) Nou toujou goumen, bay youn lòt lanmen Ayiti kenbe la