Lè chak moun ap rale yon bout, Ayiti nan la déroute Lamizè l pa ka bout Tout peyi a ka pran bon fè, pèsonn pa ka refè Yo pran chimen lanmè Yo kilbite nan fon bato, gen sa k mouri nan dlo Vye van ka drive yo Pase Ayisyen se pa maren, kannòt yo ka tounen Pou yo pa gen chimen Yon ti jès pou yo Yon tandrès pou yo Yon favè pou yo Yon lonè pou yo Yon zepòl pou yo Yon pawòl pou yo Yon bonte pou yo Lamitye pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo On fyète pou yo Libète pou yo Lè chak moun ape plen djakout, Ayiti nan la déroute Lamizè l pap janm bout Tout peyi a ape griji Pitit li pran kouri pou y ale Miami Yo kilbite nan fon bato, yo fè fos kouch nan dlo Move tan bare yo Meriken pa vle Ayisyen Yo fè yo retounen pase yo pa Kiben Yon ti jès pou yo Yon tandrès pou yo Yon favè pou yo Yon lonè pou yo Yon zepòl pou yo Yon pawòl pou yo Yon bonte pou yo Lamitye pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo On fyète pou yo Libète pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo On fyète pou yo Libète pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo On fyète pou yo Libète pou yo Lè chak moun ap rale yon bout, Ayiti nan la déroute Lamizè l pa ka bout Lè pitit li pran kouri vit pou y ale nan konbit Ka yo ka vinn kritik Dominiken pran Ayisyen travay kann pou anyen Travay tankou des chiens Se pwòp frè yo ki trayi yo Chante sa a se pou yo Pou nou ka sonje yo Yon ti jès pou yo Yon tandrès pou yo Yon favè pou yo Yon lonè pou yo Yon zepòl pou yo Yon pawòl pou yo Yon bonte pou yo Lamitye pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo On fyète pou yo Libète pou yo On ti jès pou yo On tandrès pou yo On favè pou yo On lonè pou yo On respè pou yo On klète pou yo