Cheri mwen, mwen vle ou M p ap pase pa kat chemen, ban m men ou Lanmou mwen, se ou ki tout Pran men m nou tèlman ka fè plis si n ansanm M pa konn kijan demen ap ye men m konn mwen vle l ak ou Evite m tout ti prekosyon w mèt livre m tout nanm ou Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle Paske cheri se ou ki tout (An) Ak anpil atansyon m koute w byen k ap pale Di jan w ta vle m nan vi w di jan w bezwen m se (waw) Ou vle livre w ban mwen san menm rann kont kot sa prale Lanmou sa avegle w ou menm di genyen m se chwa w D’un coup m pa ka deside pa kont tou si m pa ta vle Jan m pa kont tout sa w santi m konnen renmen m se dwa w M pa inyore sa si jodi lanmou pòt kè w frape M pito fwi w ke m abize w petèt demen se pa m An tout senserite ou pwouve m à tout prix w vle m M koute rezon m plis ke kè m m poko ka di w m abò sa Tan pouw pa posede m ou di w prefere pataje m N ap kite l mache men avan n konkli sou akò sa Avan sa al pi lwen m ap di w byen m deja angaje m Ap gen limit antre nou n ap ka ansanm si w dakò sa M pa vle pèdi ni sak ni krab m pa vle sa anjandre Si kondisyon yo pa kenbe n ap kouvri fèy Sou rapò sa Baby M pa konn kijan demen ap ye men m konn Mwen vle l ak ou Evite m tout ti prekosyon w mèt livre m tout nanm ou Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle Paske cheri se ou ki tout Se pa kesyon m neglije w men m jis vle prezève kè m Si w ta twouve m trè distan si wè m evite ap wè w Men yon trezò sakre yon siblim deyès kou wè w Gwo kesyon an se èske m ap ka reziste avè w Vwala ke mwen aprann yon jou w ap fini pa koute kè w Lè santiman an sipase w lè w konbat ak dezi w twòp Sa ka rive w pa kwè m babe pou m sensè avè w Tout santiman ak emosyon tout feeling yo resipwòk Sa vini tou natirèlman franchman m pa sèten Tankou 2 pye m pa sou tè kòmsi m t ap viv yon compte de fées Ou ka poko fin retwouve men m ap livre m se byen Si w ap pot chanjman si w ap vin nan vi m pou w konplete Wellborn m s on nèg ki sensè literalman m ka di m renmen w E sesi m très sûr se te depi sou premye rega n M pa swete regrèt chwa sa ke sa mennen n lwen Si vrèman w ta lwayal pran m si w ap vini pou gide pa m Baby M pa konn kijan demen ap ye men m konn Mwen vle l ak ou (Cheri mwen) Evite m tout ti prekosyon mèt livre m tout nanm ou (Cheri mwen) Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle (Cheri mwen) Paske cheri se ou ki tout (Cheri mwen) (cheri mwen) (cheri mwen) Cheri mwen mwen vle w Cheri mwen mwen vle w