Lenpresyon m te ba ou tout Pandan w di ou pa t jwenn anyen E si m te bay tout dlo nan kò mwen Yon gout swè w t ap sifi mwen E si m te kite tan pase Petèt sa te ka evite M plonje M wè w k ap ban m do e m pa kenbe w Lanmou m dwe kite w jwenn bonè w M di w m konprann men se tè a ki ap fonn Anba pye m Kijan w fè pou souri lè w lwen m M pa menm gen kouraj pou rayi w M konnen byen m p ap jwenn ou nan kò yon lòt Alò m chita ap tann ou Chita ap tann ou M pa janmen sèten sou anyen Men dout yo pa t janm atenn ou E si m te konvenk tèt mwen ou renmen m Se pou moun yo pa di m fou M pa menm vle w kilpabilize M pa menm gen fòs pou avwe ou Ou blese m M wè w k ap ban m do e m pa kenbe w Lanmou m dwe kite w jwenn bonè w M di w m konprann men se tè a ki ap fonn Anba pye m Kijan w fè pou souri lè w lwen m M pa menm gen kouraj pou rayi w M konnen byen m p ap jwenn ou nan kò yon lòt Alò m chita ap tann ou Chita ap tann ou