Tout dlo nan je ane yo pa efase Bay kou bliye, pot mak sonje Moman sa yo mwen pèdi tout fòs mwen E pyès priyè, pa soulaje m M te kwè mwen pou kò m Lè m ri pou moun pa konnen Sa ki blese m nan fon kè mwen M jemi pou syèl la tande m alelouya Yon melodi, mete m sou pye M p ap koube, m p ap pliye E si lavi a vay ke vay m ka ap chante Nan chak nòt yo m twouve Chimen nanm mwen Sak fè malgre m vle bay legen M gen rezon pou m kenbe mizik sove vi m Lavi a konn santi kri devan mwen Pwezi a lou Fènwè sèl chèf M pa toujou kapab kenbe rèv mwen yo Lè yo ban m do san eskize Doulè fè m danse sou yon pye senti m mare Aprè lapli tan pa vin bèl vre M jemi pou syèl la tandem alelouya Yon melodi, mete m sou pye M p ap koubeeee... Piske tèt mwen poko koupe M pa dezespere met chapo Travèse dlo yo Mizik la janbe dife m yo Doulè yo kab tounen pousyè Piske mizik pa gen fontyè Demen solèy la va leve M p ap koubeeee