Ouuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuuuuu Mwen rele w mwen pa tande ou Reponn Mwen chèche w men mwen pa janmen Jwenn ou Konbyen fwa nan pòt kè ou mwen va frape Louvri m Konbyen twou nan lespri ou m a va fouye Pou jwenn sekrè ou Lavi nou ape make pa sou plas Nou manke pale nou sere twòp kras M anvi konnen ki doulè Ki boule tout flè lavi w Reponn Reponn Mwen di w reponn Depoze nan pla men m tristès doulè w Reponn Depoze nan bra m tout sa ki fè w pè Reponn mwen Tankou glas anba solèy Kite ou fonn sou kè m Reponn mwen Reponn Ouuuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuu Ouuuuuuuuu ouuuuuuuuu ouuuuuu Plis ane yo ap kouri M ap vyeyi Men sa p ap chanje lanmou m Ni vyeyi l M p ap bouke kenbe men w Pou travèse tout lanmè M p ap neglije met fòs mwen Pou kraze baryè fwontyè pou ou tou E m anvi leve tout rido ki vwale Sa k fè w mal e sa ki menm fè w kriye Zanmitay ant nou pèdi Wi lanmou nou menase Reponn Reponn Mwen di w reponn Depoze nan pla men m tristès doulè w Reponn Depoze nan bra m tout sa ki fè w pè Reponn mwen Tankou glas anba solèy Kite ou fonn sou kè m Reponn Reponn Ouuuuuuuuu Ouuuuuuuuuu Ouuuuuuuuuu Ouuuuuuuu Ouuuuuuuuuu Ouuuuuuuuuuu Ouuuuuuu Ouuuuuuuuuuuu Ouuuuuuuuu