Menm si tout bagay efase Si soley lalin mare fache Tankou demen si jodi ta neyan Nan fon labim lanmou n ap ret tache Si pa gen vwa pou pale ni zorey pou koute Devan manti si rezon chwazi koube Menm si arogans pran plas tanpri souple M'ap kontinye renmen w kwe mwen si ou vle Si lanati deside l' chwazi pa fè bon tan E si kochma pran plas rèv si adan pat konn sa k ève Mwen avew tap ret entak Menm si tout bagay disparet, oh babe Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste Menm si syel yo pa gen zetwal ankò Menm si m pata gen yon gout san nan kòm Menm si mond sa fatigue avek nou, uoh uoh babe W'ap rete pi bel pwezi m Bouchon danmijann ki mezi m E si lanmò ta vle pran ou ave w m'ap fon jan m lye vi m Si monde lan pa gen dlo, w'ap ka bwe tout sa k nan kò m E si lanmò pran plas lavi, m'ap avew nan tombo Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste Ou tap toujou egziste Lanmou nou, oh babe