Fatima It’s Toby Gen jou m pap viv m jis ap respire Gen jou m tante plonje se vid la k atire m Ale lwen retire Gen jou m tankou yon boutèy nan lanmè k ap navige Gen jou zantray mwen ap dechire Chante pou w delivre Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni Gen de moman m pa santi m menm Gen de moman m gen on santiman ke pwòp nan mwen m konn santi l lwen m Gen de moman k asasinen m Gen de jou kè m pa bat, m konn pa santi l menm Dèfwa sa m konn anvi tande se yo m di moun pou m santi m byen Memwa m gen twòp screenshot fè m konn pè fèmen je m Vi m toujou an danje M vinn pa fye kenn moun M angaje nan on konba chak jou m ap kenbe Pou m ka ret debou nan yon gagè Pil kout ponya nan do m pil po jilèt tankou m te nan yon barber, yow Tou bote m tounen sikatris ou sezi On ti bouton ki vinn tounen yon maleng ki vinn bay yon apsè vif M padone yo menm pa bliye yo m pa Jezi Dèfwa doulè yo twòp son laponyèt ki ban m anestezi Aristid di si m pa sove diyite m l ap sove kite m Tout sa m te genyen sove kite m se sèl diyite m ki ake m Yo pa gade m akey si se medyokrite n akeyi Imaj yo ap pase an bouk nan memwa souvni yo penib Yow Imaj yo ap pase an bouk nan memwa souvni yo penib Ouh Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni Gen de moman m pa santi m menm Gen de moman m gen on santiman ke pwòp nan mwen m konn santi l lwen m Gen de moman k asasinen m Gen de jou kè m pa bat, m konn pa santi l menm Dèfwa sa m konn anvi tande se yo m di moun pou m santi m byen Jis yon souvni, yon souvni Jis yon souvni Jis yon souvni, yon souvni Jis yon souvni Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni Gen jou m pèdi souri m M pèdi pasyon, flanm nan mouri Gen jou ki fè soufri men demen Se yon nouvo jou yè jis yon souvni