Pote feblès mwen bay lavi Se pat janm sa m te Dezire M prefere pataje bèl vibrasyon avi San mezire Move tan vante anba wòb mwen M kanpe tennfas Èf o aksanfòs ès! M tankou Atlas Vibrasyon m pa gen limit Wa di se van k ap kouri sou dlo Rim k ap kouri sou flow Bèl beat gwo bibit M satire ak pozitivite M se yon VAN e sa a Pèson p ap jan konprann li Si li pa yon vrè fan San fòse, m ranfòse talan m Pou m defonse obstak Lè lavi kouche pou takle m M kanpe rèd kou ke makak Plis w ap make m, plis m ap make pwen M pa vin la a pou m jwe kwen Rèn chantrèl tout mitan bann M fè yo tounen won pwen Èf o aksanfòs ès Repete l ankò Èf o aksanfòs ès Vanessa vin pi dezire Èf o aksanfòs ès Se entwodiksyon yon albòm Sou rezo sosyal Kòment ak vèk Like pou n al ban m