Retire kè met pay Konnenw son atoufè Ou son moun san zantray Tout sa mwen di'w pa kyè Pito rele sou mwen Gwonde tankou loray Ayyy ou genlè fè maji Janm konnen w fè'm soufri Ou pa wè m mouri deja Ou fin prije m ou pran ma Jan chèche kanmenm fòl twouve Ou met kite'l mache Ou jwenn sa ou te vle W'mèt fè kòmsi w pa wè m Fè kòmsi w pa konnen'm Menmsi w wè m ap toufe Ou pa bezwen ede'm Si w wè m'ap trepase ou met kanpe gade'm Si jamè m'ap neye ou mèt kite'm koule Biznis mwen nan lari Mache fè moun pou mwen Kòmsi w pat fè anyen Lang ou pa ret nan bouch ou Ou fè kè'm lou pou ou Pou mwen w pèdi souf ou Ayyy laviw fini Hmm ou pral wè janw pral piti Kè'm pa bat pou ou ankò Ou fè'm viv ak yon remò Jan cheche kanmenm fol twouve Ou mèt kite'l Ou jwenn sa ou te vle W'mèt fè kòmsi w pa wè m Fè kòmsi w pa konnen'm Menmsi w wè m ap toufe Ou pa bezwen ede'm Si w wè m'ap trepase ou met kanpe gade'm Si jamè m'ap neye ou mèt kite'm koule Nan fè youn lòt soufri Nou ta dwe kite deja Bouch nou ta dwe tranble Nan di lòt sak pa sa a Kote 'n soti nou pat siyen pou sa Pou sa'n pase Nou pat siyen pou sa Nan fè youn lòt soufri Nou ta dwe kite deja Bouch nou ta dwe tranble Nan di lòt sak pa sa a Kote 'n soti nou pat siyen pou sa Pou sa'n pase Nou pat siyen pou sa