Kote absans ou toumante m Se lè m leve mwen pa wè ou nan kay la Santi chalè kò ou manke m Se lè mwen wè mwen kouche san ou nan dra Menm si n nan telefòn tout la jounen Sa pa anpeche pou m pa sonje w Santi m ta genyen w tout la jounen Bò kote m sèlman pou m ta gade w Mwen kontan m gon moun tankou w nan vi m Ou se sèl rezon ki fè m souri E dè fwa, mwen santi m modi Paske m pa pi pre pou m ka jwi w (Lè ou pa la) Lavi m san sans baby lè w pa la Mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la) Ou manke mwen lè ou pa la Santi m toumante lè w pa la Mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la) Tankou tout moun ki renmen Ou ta vle wè ou tout tan bò kote mwen Pou chalè kò w ak chalè kò mwen fè lanmou tout jounen Pou w toujou la pou mwen Pou m tande vwa w k ap di m ou renmen mwen Sa fè m mal, chak jou w leve w pati Absans ou fè tèt mwen pati, oh oh baby (Lè ou pa la) Lavi m san sans baby lè w pa la Mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la) Ou manke mwen lè ou pa la Santi m toumante lè w pa la Mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la) Tèlman m santi m byen lè m avè w m paka dispoze w Paske se ak chalè kò w lanmou mwen kapab rechofe Nan je w, mwen wè bonè m Nan bra w, m pa konn doulè Tanpri baby pa ale lwen mwen Lè w pa la Baby lè w pa la Baby lè w pa la Lè w pa la Lè w pa la (pa ka manje) Baby lè w pa la (solèy pa leve) Baby lè w pa la Lè w pa la