Sou yon fon nwa M t anvi depoze koulè bonè M t bezwen kwaze solèy Donk m t oblije leve bonè Ak on chemizèt gri M te ton sou ton avèk tan an Yon kanson vèt kou gazon M t anvi fè l de tout fason Lari te blanch Te gen ti takte wouj san Sèl ti pwent tèt Nan fenèt M konnen fòm dousman Byen souvan On moun sòti s on dènye aksyon L ap pran tout prekosyon epi w tande l viktim bal mawon Epoutan Se toutan M tcheke bon an Nan move zòn M konn bezwen ti sipò Lè s ak demon m yo m ap twoke kòn Nan met koulè sou koulè Finalman m konn g on palèt Aprè m pati tou bèl Ap gad nègès k ap bay payèt Kas nan zòrèy Bout hip hop Ou gentan konn kisa k ap fèt Nan Tout nan zòtèy mw li reponn Li anvayi m nèt se pa jwèt Ou di kanèl m di weed Ni bon Vèt la m di w wii M ap redi man sou filing M sou filing Nwa Toupatou lavi nou sanble Pou koulè po nou konmsi pou yo n reprezante danje Nou fè lirstwa na sonje Kolon yo pa janm chanje Yo toujou sou ladefansif Kòmsi pou n pa janm vanje Yo bati wayòm yo sou soufrans nou Yo anlè y ap ri jòn Fin Volò n Piye lòn Aprè vin di n yo miyò n Se yo k pou pè N pa ka mawon Nou pot doulè n Devan bawon Yo te fin ble nou ak baton Nou pa ka rele yo patwon Chak jou N ap pran pil desepsyon Yo agrese nou tout lè M p ap fè okenn eksepsyon Tout rasis rayi koulè Vann nou modèl bote k lage n nan pase krèm K ap fè n met kò n sou kote Ak vye jijman k ap kraze kè n Yap plis piye afè n Moun sa yo p ap ret prèn Frè n ak sè n yo Pa madsèn Pawòl yo vin tou nwa Ou pa klè men pa twaze yo Rebèl y antipouvwa M pa kyè man si m fwase yo Yo krache sou doulè nou konbyen fwa Fè n kwè fòk nou dou lè yo bafwe vwa n Men n pote tout doulè nou yo nan vwa n Nou konn chak zetwal nan syèl la ka klere vwa n Yo chifonnen lonè nou plizyè fwa Fè n kwè lakoz koulè nou n pa gen dwa Men n pote lakansyèl nou yo nan vwa n Scat nou yo Konplent nou Dans nou yo O ginen yo pran men nou Limyè a nou mande kouvri nou O lwa n yo goumen pou nou Nou Bare Nou mele Nou bouke Vini nou andanje