Kwaze solèy chimen trennen Lapli tchoula lespwa pa donnen N ap konte lè pou n wè malè Douvan mizè nou tout bèbè Chak gout swè k tonbe dlo je n neye n Nou liminen pou Limyè a biye n N ap tatonnen n paka brennen De pye n mare nou antòtye Limyè a pale Se sèl vwa ou ki ka chant on w Melodi pou nou Sèl ou ki ka klere chimen n lò n pèdi wout Lò je n plen dout Lò chay twò lou Lò demen n twoub Lanmè seche vizaj mouye Tounen neye je san koule Pa gen fanfa nanpwen kata Lavi bwete bann chikata Pousyè leve lari vegle Souri n pati gwo van bwote Zòtèy kase wout yo bouche Zetwal nou lwen nou andanje Limyè a pale Se sèl men ou ki ka jwe de nòt lavi pou nou Sèl ou ki ka louvri pòt ki fèmen sou nou Lò je n plen dout Lò chay twò lou Lò demen n twoub