Sèk la fèmen Wout nou bare N ap mache dwat men Se nan falèz nou prale Limyè n tenyen San n ap koule Nan fon lannuit nou reveye Nou wè pòtre n ap efase N paka kenbe Fò nou kanpe Rele pou vwa nou pran dife Pou eskòt nou yo avanse Chagren nouris tout lari L ap nouri kanivo gran ri L ap kouri plasenntal pouri Lèt kaye boujon l pa grandi Nan bavèt leyèt ki nan malèt pliye Byennèt tounen mal èt kriye Yo pa kenbe do l Je l ouvè l kase lezo L ap pran kout sizo Pye ouvè l pa sere dlo l Gwo douz anba blouz degize pou ka blo pita l Yo ki ba l kout zegui malman sou tab lopital ki kal San souri l ap griyen dan koz sezisman li pa konprann San sou li l ap pase men kout bistouri fè wout anndan l Lage l gran chimen sou tèt li yon twòkèt twèl fèt Sou wèl kèt nan tèt li s on bèl bebe k fèk fèt Pou dèt kalkil ak ris pa bezwen kalkilatris Jis konte chak sikatris konstate ki jan ka l tris Chak nòt nan mizik li revele chak kou l pran Twouble nan fon nuit lari rele sekou l pran Ouh 10 lane wout la bout Lanmò bare n nan chak kalfou Nan kè se plenn Tribinal Bawon chaje plent Lè se pa bal bandi legal, mizè ak lafen k ap fè fen n Nou fennen, n fini, Y ap founi je gade n nan lapenn Lavi ap bay fent nan fon nan nwit zonbi an chat pent Sechrès, dlo je k pou wouze flè yo pa ase pou sèkèy Vil yo sonm kou tonm se dèy, solèy nan somèy Nekropolitisyen Biopouvwa ap siyen akò Ak machann lanmò, se atò nanm ap separe ak kò Aprè tranbleman lavi nan dezè leve kanaan Moyiz pa t antre, li fè n travèse yon lamè wouj ak san Kidnaping lespwa lavi fè jenès re ekri egzòd Tchovi k nan jenèz yo konn apokalips avan dezòd Y ap boule kòb 14 timoun nan Olokòs Pratik Boulòs. Kòb Petwo dwòg nan ponp ap pran kloròks N ap fè lanmou ak lanmò je klè depi plis ke 10 zan Yon sistèm manje pwòp prezidan l, sèl lajan patizan l