Bèl tifi k ap grandi Pa dwe pèdi souri l Rèv li foule avan l dòmi G on men k ap bouske nan jip li Sa kò l paka ofri Sa lespri l paka viv Se pa jodi w ap toupizi l Kounye a m vin di w sa fini Pran men w, pran men w Fwa sa m pa vin ak dlo nan je Fwa sa m pa vin ak tèt bese Pran men w, pran men w Nou pote lespwa nan tout kò n Fò n viv lanmou an sou tout fòm Yon kòmè k ap fleri Pa dwe pèdi lavi l De men ou tounen gwo batwèl Ou fè l tounen yon popetwèl Lobe w ap bat nan do l Gad jan w plonje nan dlo l Se pa jodi w ap toupizi l Kounye a m vin di w sa fini Pran men w, pran men w Fwa sa m pa vin ak dlo nan je Fwa sa m pa vin ak tèt bese Pran men w, pran men w Nou pote lespwa nan tout kò n Fò n viv lanmou an sou tout fòm Pa manyen libète m Pa manyen branch cheve m Mwen fèt pou m viv ak diyite, ooo Tande vwa m k ap pale Yon kè blese ka met dife Li ka boule li ka klere Pran men w, pran men w Fwa sa m pa vin ak dlo nan je Fwa sa m pa vin ak tèt bese Pran men w, pran men w Nou pote lespwa nan tout kò n Fò n viv lanmou an sou tout fòm Chak fènwa g on douvanjou Chak sezon pote flè pa l Chak bèt nwa g on move jou Chak aksyon gen sekrè pa l Chak fènwa g on douvanjou Chak sezon pote flè pa l Chak bèt nwa g on move jou Chak aksyon gen sekrè pa l Chak fènwa g on douvanjou Chak sezon pote flè pa l Chak bèt nwa g on move jou Chak aksyon gen sekrè pa l