Sa je pa wè sa k disparèt Sa k soti ki pa janm antre Sa y al fèmen fò dis manchèt Sa yo trangle oubyen vantre Sa je pa wè sa k disparèt Sa yo bwote onzè diswa Tout yon fanmi fonn nan fènwa Kadav y al jete pa bourèt Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen Sa je pa wè sa k disparèt Sa yo fè pran pa jalouzi Sa yo bay bouwo toupizi Defigire san rekonèt Sa je pa wè sa k disparèt Sa y al koule sou batiman Ti bebe Ki panko menm fèt Yo ponyade nan vant manman Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen Sa je pa wè sa k disparèt Sa de pat men mouche make Sa non y al kanni n on w ankèt Sa lajistis gentan bliye Sa je pa wè sa k disparèt Tout sa van laterè rache Flè ki seche anba krache Depi li te fenk ap parèt Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen Sa je pa wè Sa je pa wè Konn bay kè plen