San yon memo san fè bri ou jis vire do w w ale M te bouke fè w soufri m pa t konn koute lè w ap pale m M brize kè w rèv ou m detwi Se kounya m wè se ou m te vle Fò m te peye le prix pou m te konnen m pèdi mwatye m Lè w pran nan on kout foud w pa fasil wè si lanmou sa vrè M t ap kale kò m nan Djouba a san panse ak kontredans lan Nòmal si m f on move chwa pou m peye konsekans Lan Se lè m pa wè w nan vi m vrèman rann kont lanmou avèg Mwen merite tout blam yo m konprann se pa tout fi k vo la pèn M t ap anflame sou kè w dlo je w ki etenn tout flam yo Rekòmanse a difisil domaj do w gentan lwen M t ap mete w sou pyedestal si nan vi m ou ta retounen Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba Sèlman rayi wout la lè w manke lakay Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) Ou son danre ra difisil ankò pou m ta jwenn sa M p ap janm bliye tout sakrifis ou yo menm si m ta engra W te ban m tout ou menm pa t gen kenn rezon pou m te lase K on inyoran m t ap chache byen lwen yon trezò ki te anba je m Si sa k pa m lavalas p ap pote l rès istwa a pou desten M p ap oze di w padone m m konsyan m fè w plis mal ke byen M tèlman fè w pase mati istwa sa manke rann ou fòl Mank ou fè m wè on nuit sifi pou fè w wè jan lanmou dwòl Kreyon listwa san gòm mal la deja fèt m pa ka nye sa Kounya m pataje pèn ou byen malere Kama te la Sa k ta di pou moun m t ap brize w la t ap brize m apre Se ak remò tristès ak doulè m oblije kite w ale Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba Sèlman rayi wout la lè w manke lakay Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) Malgre l te ofri w kè l pou li ou pa t prè Se aprè yon gwo so ou konn sekèl yo Twò ta w vin rann kont jan l te konte pou ou Malgre tout mal ou fè pou padone w l te prè Ou menm wa l livre w bay yon lòt k ap brize kè w Poutan l te la w kite l ale Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba Sèlman rayi wout la lè w manke lakay Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale) Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale E ou kite l ale