Si w ap bay, si w ap bay, si w ap bay ou avèk demi Lanmou sa p ap janm fò Imaji imaji imajine jan sa ka fini Si m pa retwouve w ankò Si tout fwa si tout fwa si tout fwa ou pa janm prè m Nòmal pou m pa santi w la Nòmal pou m plenyen wi si m pa rejwenn mwen nan ou ankò I love you Lanmou sa ap ravaje m M santi kè m ap rache Malgre tou Ou pa bay tout ou pou w ban m love I love you Men se pa sa m ta vle M ta oblije ale Kounya tou Mwen rann kont jan lanmou dwòl Sa te komanse bèl nou te wè lavi n an woz San ratman batman kè n tap ritme sou yon chanson damou an pwoz Ou te jwenn ou nan mwen e m te jwenn mwen nan ou Men nan men an souriyan n t ap vanse sou chimen lanmou Sibitman m wè w chanje san menm yon rezon valab Kòmsi m pa gen enpòtans nan je w kounya se sa ki pi di a Kisa pou m fè ankò pou w santi jan w rann mwen mizerab Ou ban m move siyal sanble gen twòp moun sou wifi a Se pa t sa nou te di se pa t sa nou te pwomèt Nou t ap fè plan ansanm pou n ka bati yon bon demen Ou te garanti m lwayote w Mwen panse w t ap ret onèt M bouke soufri de mank ou gad tout doulè yo nan je mwen Pouki renmen enflije tout pèn sa e pouki m tris E w te ka jere m byen m pa egzijan kèk fwa m pa mande plis Ke gade m nan je di m ou renmen m sere m fò anbrase m Men di m kote w ye lè m bezwen w lè m santi m vid lè m santi m angwase I love you Lanmou sa ap ravaje m M santi m kèm ap rache Malgre tou Ou pa bay tout ou pou w ban m love I love you Men se pa sa m ta vle M ta oblije ale Kounya tou Mwen rann kont Jan lanmou dwòl M pa ka konte konbyen pwojè konbyen pwomès ki pa kenbe Konbyen moun mwen nye pou ou san menm panse ak kama Chak jou m plenyen pou konpòtman w an esperan sa ap kaba Si love sa te real m pa t ap santi m ap etrangle Jan w aji la, se tankou n m pa t vécu anyen M wè w fè kòmsi tout sakrifis sa yo pa vle di anyen Franchman m rayi w (sorry) se pa kè m se bouch mwen ki di l M santi w pa vle m ankò w sèlman pa gen kran pou di l Malgre tou lanmou m pou ou stil rete enkondisyonèl Wi se petèt sa w konnen ki fè w ka jwe sou feblès mwen Se ou k koze pwoblèm yo ou menm ankò ki ka chase strès mwen Sa k pi dwòl la chak betiz ou fè fanmi w kosyone l M pa ka konte konbyen shit ou fè m ni konbyen pou ou m vale Pou m byen jere relasyon sa m fè an sòt je m pou ou l vwale M santi sa pral pran fen pa menm gen tan pou nou pale S on vye sansasyon m pa konn si pou m rete ou pou m ale S on vye sansasyon m pa konn si pou m rete ou pou m ale I love you Lanmou sa ap ravaje m M santi kè m ap rache Malgre tou Ou pa bay tout ou pou w ban m love I love you Men se pa sa m ta vle M ta oblije ale Kounya tou Mw rann kont jan lanmou dwòl I love you Men se pa sa m ta vle M ta oblije ale Kounya tou Mw rann kont jan lanmou