Ou te di m se pour la vie, pour le meilleur et pour le pire E m s on krapo ou pral bo pou n bati yon empire Ou t ap pale m de rèv de bonè e de Love Ou t ap pale m de maryaj, zanfan fond on fwaye Ou te di m nan kè nou rich menm si nan pòch nou pòv Jamè youn san lòt, si m plonje w ap nwaye Ou te di m ou diferan ke m ka fè w konfyans Ou te fè m wè eta m, pou m te ka pran konsyans Paske mwen stil gen menm pwoblèm ak on pakèt M s on thug, Lanmou pa sot nan kè m encore moins dans ma tête San domisil fiks, ou te di m w ap louvri kè w pou m sieje m W ap panse plè m, lè m ap kriye w ap la pou w siye je m Ou te di m ba w tèt mwen, ba w nanm mw ba w kò m Lanmou ka fè maji se pa sèlman bòkò Ou te di m si vi m gen move tan w ap sèvi m parapli Ou p ap kite m konn soufrans, jis pou m pa rap li W ap la pou mwen ba w vi m ba w kò m ba w kè m Ansanm n ap bati mond nou Se sa ou te di m Se sa ou te di m Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou Se sa ou te di m Se sa ou te di m Ou te di m E ou te di m ou pa bezwen liks ak bijou Sa yo se ti kapris, ou jis bezwen lanmou ak bizou Ou te di m n ap mennen on vie de bohème Se sof rim mwen yo k rich kidonk m ka kouvri ou ak powèm W ap koute silans mwen, konprann menm sa m pa di W ap koupe soufrans mwen, fè de lanmou sèl maladi m W ap ban m on rezon pou m viv, on koz pou m mouri W ap pran move moman yo, wap ban m on bèl souvni Mon amour, ma bataille ( Hum Balavoine) Ou te di m ansanm n ap pran menm sa lavi a pa bay Ou te di m w ap met souri sou vizaj mwen, wete chagren m Ou t ap simen woz, wete vye zèb nan jaden m Ou te di m plonje nan vid lan w ap pare m Ou te di m w ap bousòl lè m pèdi wout mwen, lè lavi a bare m Ou te di m renmen w, san kondisyon, san koz Ou te di m bliye tèt mwen, ekri pou ou lòt rim ak lòt pwoz Wap la pou mwen ba w vi m baw kò m ba w kè m ansanm n ap bati mond nou Se sa ou te di m Se sa ou te di m Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou Se sa ou te di m Se sa ou te di m Ou te di m Ou pa t di m ou t ap trayi m avan menm kòk la kòdase E jou sa pou mare m p ap gen kòd ase M p ap gen kòb ase paske rèv yo g on pri Non ou pa t pale m de manti avèk twonpri Ou pa t di m, ke livè toujou vini apre prentan A trantan on fanm bliye sa l te pwomèt a ventan Se toujou menm lanmou, men diferan koz Men ou pa t di m an vrè se zepin yo ki gen woz Ou pa t di m, moun chanje kou sezon, pèdi rezon fas zeprèv W pa t di m, renmen san kondisyon, m ap brize san rezèv W pat di m tan konn manje rèv, m p ap chanje tèm Ou pa t janm di m lanmou pa rezime ak on Je t'aime Ou pa t pale m de regrè, de kriye, de solitid On sèl moun manke m, m gen lenpresyon tout latè vid Ou pa t di m ke lanmou, se te jis on ilizyon E tout istwa yo pa fini tankou Sandriyon Se pa t sa w te di m Se pa t sa w te di m Se pa t sa w te di m Se pa t sa Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m) Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m) Se pa t sa w te di m Se pa t sa Menm myèl la ou wè ki byen dous konsa yon jou kè plen li kapab ba ou Se pa t sa w ou te di m Se pa t sa ou te di m Sa kapab detwi lavi m tôt ou tard si m livre tout mwen menm ba ou Se pa t sa ou te di m Se pa t sa ou te di m