M pran lavi pou pwofesè donk chak jou m ap edike M ap aprann ma fè erè e bondye ap edite M konnen avan nou konnen koz chak viktwa premedite M pa ekri pou and di m konn ekri men pou and tande e medite M gen gwo rèv e anbisyon difisil pou m satisfè M pa kontante m e sa m genyen men sa m genyen an sufi Si fò m chwazi sa k bon pou mwen m chwazi pa chwazi Paske chwazi se renonse e renose se soufri M renmen pataje men m pap bay sa k vle m bay sa k bezwen Pou mwen tout fanm se fanm m pa konn sa k bon ni sa k bzen M lwen objektif mwen men m trè rekonesan M aprann bay enpòtans ak sa m genyen pa a sa m bezwen M ret san zanmi aprè lanmò Marcus Samuel Cause m renmen lwayote, se pou sa m pa rayi chen Se grandi w ap grandi w ap konn poukisa m rete solo Si w vle konn kijan yo kreye enmi ini de Ayisyen Manman gentan ban m lavi m pa ka chache fanm pou fè vi m Bondye met manje pou tout moun donk m pa tann yo pou sèvi m Nou s on bann inyoran nou pap janm konn grandè tou pwisan Nou tout ap sèvi Bondye pandan Bondye la pou sèvi n A medite Pa bliye lè w prale se ou k pral sèl, a medite Ou ka fè sa w imajine a se ou k pa fè l, a medite Pa fè pèsòn konfyans mefye w de tout moun Men mefye w plis de moun ou pat panse a koz se li k pral fè l, a medite Fò w refize pou w konn sa w evite Chache konn kiyès ou pou w ka konn sa w erite Pa pran sa yo ba w pran sa k pou ou mete w piti pou viv Reziye w a sa w jwenn men toujou sonje sa w merite, a medite E lanmou se pou on tan pa made l avi Nenpòt sa k bon pou ou a fè l frè m pa mande avi Si w pa eseye w pap janm konnen se swa w aprann swa w reyisi De tout fason lavi pap di w donk pa mande l avi Tande pou w medite e fwa sa ou ka aplike tout sa m di Se vre lavi se on fèt men w pa dwe fete tout samdi Fò nou panse avan nou di koz nou pa panse tout sa and di Nou pa dwe di tout sa and panse men and dwe panse sou tout sa and di Sèl bagay m pap vann se nanm mwen ak konsyans mwen e diyite m M ap mache sou tras tou pwisan an san ankenn detou Men anyen pa gratwi tout branch pwèl mwen monetize Men Bondye ba nou lavi pou and remèt li an retou