It's magic baby N ap ansanm nan tristès n ap ansanm nan jwa E pe enpòt desizyon an n ap ansanm nan chwa a N ap ansanm en esprit en Coeur et en foi Nou pap ansanm ni de ni twa n ap ansanm on fwa Kè nou ap chache riches menm si n ansanm kou pòv Nou pap ansanm pa enterè men n ap ansanm pou love N ap ansanm pou mwen n ap ansanm pou ou Nou pap ansanm pou fè moun plezi n ap ansanm pou nou N ap enseparab, n ap ansanm tankou n te mare Menm si n pa prete sèman n ap ansanm tankou n te marye Menm lè de pòch nou a vid n ap ansanm tankou n te pare N ap ansanm a lenfini, pito n mouri tan pou n ta varye N ap ansanm nan vye e nan bon moman Ansanm n ap make listwa bae n ap kreye on gwo roman N ap ret sou do sou pou tout obstak n ap prepare E n ap ansanm pou n ri tout sa k vle separe nou Pale pale, n ap kite yo pale Pale pale, n ap kite yo pale S on bann ipokrit pale dèyè do n Se rezon y ap bann pou n ret ansanm Yo di m pa sanble ou, m pa merite ou Tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm Ansanm avè w m prè pou m fè yo wont Yo konplo pou separe nou yo mèt anpil yo pap janm kont Ansanm avè w m pral fè yo je dou Tout sa k te cho pral ret tou dou ansanm nou pral fè yo jalou Yo prè yo prè pou yo dejwe n Yo prè yo prè pou yo pyeje n Yo prè pou voye dwèt nan je n Men jamè yo pap janm arive separe n Cheri, avè w m byen plase avni m byen trase M jwenn afeksyon e sou kabann pye kase Senti a byen bwase, mwen avè w gen ase Y ap swete n separe e nan je yo n ap byen pase Mwen prè pou m fè tout sakrifis pou ou Pou relasyon n mache Yo mèt di sa yo vle men m se pou ou, ou ou... Pale pale, n ap kite yo pale Pale pale, n ap kite yo pale S on bann ipokrit pale dèyè do n Se rezon y ap bann pou n ret ansanm Yo di m pa sanble ou, m pa merite ou Tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm