Menm si w wè nan lavi w pa chanse Menm si w wè tout sa w fè w pa vanse Menm si pwoblèm vle fè w panse a kòd la Rete konfyan e just panse a God la Li gen on plan pou ou Menm si w wè tout moun kont ou l ap toujou pran pou ou E pa janm give up menm si lavi gon w dan pou ou Leve tèt ou rele l l ap toujou gen tan pou ou Just kontante w a sa w genyen frè m, kontante w de viv Lè w pa ka Mennen frè m kontante w de swiv Kontante w de pe, kontante w de ou Lè w pa ka posede lò frè m kontante w de kwiv E pa fòse lavi frè m pran l nenpòt jan l vini Avni w gentan trase, pran l nenpòt jan l fini Menm si w wè yo imilye w tout moun ap voye je sou ou Pa bliye g on moun ki la k ap voye je sou ou, fè l konfyans Menm si pwoblèm fè w anvi kriye Menm si de lè w anvi bliye Gen on jan k va pou ou pou w briye Just met jenou w atè pou w priye Fè l konfyans Fè l konfyans Fè l konfyans Just fè l konfyans Menm si w ta wè nwa sikonstans fè w mande pann Met konfyans ou nan li paske w avni w an depann Menm si pa gen espwa pou sa w bezwen an tante prann Konfye l tout sa w ap fè e tout sa w ap antreprann Fè l konfyans tout kote, fè l konfyans nan tout sans Fè l konfyans lè w serye, fè l konfyans nan tout rans Se li k pou ba w soulajman lè w santi w nan soufrans E si li k ap travay lè w panse se kou chans Li ba w mwayen pou w viv e gen sa ki pa gen yon goud Chak jou ou bwè dlo e gen sa ki pa jwenn yon gout Li ka fè w ka manje on pen e gen sa ki pa jwenn yon bout Met konfyans ou nan li e pa g on jou w ap jwenn you dout Lè l ba ou l pa mezire, li ba ou nèt li pa prete w Lè satan vle kondane w, sèl li menm ki ka prete w E menm lè w wè w echwe pa febli re eseye Toujou ret konfyan menm lè w wè w dezespere, fè l konfyans Menm si pwoblèm fè w anvi kriye Menm si de lè w anvi bliye Gen on jan k va pou ou pou w briye Just met jenou w atè pou w priye Fè l konfyans Fè l konfyans Fè l konfyans Just fè l konfyans