Depi lè w nan vi m nan m santi m byen M santi m konplè m santi m plen M santi m m pa nan mond sa m santi m lwen M pa bezwen fè sanblan m santi m mwen Ou fè m sanble on moun, ou fè m bèl Sa k te enposib pou mwen, ou fè m fè l M pat kwè nan bonè, ou fè m wè l Lanmou pat ekziste pou mwen ou fè m kwè l E lè w pa bò kote m cheri m santi m twoub Ou se fòs mwen lè w la m santi m doub M santi m byen, m santi m good M santi m rasure cheri m santi m koud Kè m te dechaj cheri ou fè l full Pat gen pi gwo vagabond ke mwen ou fè cool M panse w pat reyèl se nan foto w te ye Pou valè tann m tann cheri kote w te ye Kote w te ye lè m tap chache w Kote lanmou t ale L ale nan tout katye – hey hey Li pa janm vizite m [2x] M pap lage w on may – hey hey pa lage pa lage [4x] M tap regrete pandan tout vi m si m pat brage w Ou se dwòg mwen, m pa santi m byen si m pa kage w M pa wè bonè m, m pa wè avni m si m pa gade w Tè a mèt tranble, mèt gen tanpèt m pap lage w Pou dat m ap chache w cheri kote w te ye Pou valè tann m tann ou – kote w te ye Pou valè desepsyon m pran – kote w te ye Dat m vle konn sa k rele lanmou cheri kote w te ye Haha Hey yo Richard – yeah yeah Ah jan m ap gade a la m nan bon wout la wi – ah sanble sa wi Ah ou poko gen zin sa nan men w lè w ap viv sa m ap viv la n a diskite – ah blòf Cavé pa cave je vèt pa je vèt bon e nan men m li ye papa – na wè sa, na wè sa