Nou tout ap Fè sanblan nou byen men nou mal Nou bay vizaj moun ki ge men o fon nou kal Figi nou make jwa men andan nou pal Nou santi bon byen abiye men andan nou sal Mond lan vin tèlman fake je donne raison à qui vit seul Pa gen koup ki solid tout mare a ti fisèl Ou pa konn ki fanm ki pa bon tout gen vizaj a ti pucelle Pa gen moun ki vrè tout moun atifisyèl Nou pito envante on vi pito n afiche nou jan n ye a Bay tet nou manti olye nou pran lavi jan l ye a Pa gen nou youn ki pou chanjman Donk nou chak chwazi yon klan Nou youn pa vle onèt donk nou chak chwazi yon plan Tout moun vle lapè men ki moun ki fè premye pa a hein Tout moun vle ede ki moun ki leve premye bra hein Tout moun vle pataje men ki moun ki bay premye pla hein Kile nap gen kran pou n di se nou k fè premye ka hein Lanmou nou fake Aparans nou fake Souri nou fake Wi nou tout fake Nou tout gen kè nan men men n pap separe lè se pa nou Annik chita n toujou wè sa n ta fè lè se pa nou Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè Figi nou tout makiye pa gen moun ki fyè Je nou tout kale men pa gen moun ki wè Mond nan ap depafini men pa gen moun ki care Nou tout ap viv nan manti nou programe kon PC Aparans nou fo e pèsonalite n konprese On se voile la face e pa gen moun ki konfese Nou pè jijman lòt lè n san makiyaj nou konplekse Lè figi w pa gen make up ou pa gen fo zong Ou pa gen fo cheve ou twouve ou lèd Lè w pa twouve w twò nwè ou pa gen bouda Le w pa twouve w two gwo ou twouve ou meg Men se pa fòt nou se fòt sosyete a Ou santi w pi fo pou w preche fo de sa w swete a Nou pa fyè de sa nou ye nou kache dèyè maskara Nou tèlman pè jijman lòt nou sanble yon bann maskarad Nou pa fyè de jan nap viv nou parèt ak yon lòt klas N ap chanje koulè nou pou n sanble ak yon lòt ras Yo pa konn ki moun nou ye koz nou parèt a yon lòt plas Nou pa gen idantite chak jou n parèt a yon lòt fas Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè Figi nou tout makiye pa gen moun ki fyè Je nou tout kale men pa gen moun ki wè Mond nan ap depafini men pa gen moun ki care