(It's Magic, baby) Li se tout sa m rayi tout sa m renmen Tout sa m bezwen se tout sa l mennen M renmen tout sa l fè Tout jan l ye m veye tout ti jès M veye tout sa k brannen M se definisyon tout sa krazy ye M pa vle wè l men l se tout sa m dezire Li fè m konn sa k lanmou e tout sa plezi ye Sè l li k konpatib avè m tout sa m mezire S on lanmoun gran djoz XXL On lanmou sikre sale on lanmou sik sik sèl Lè m malad pou m geri fò m jwenn on kiss plis elle Lè l pa la m pa kapte m tankou Digicel Li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre M pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Nou pa pase de jou san n pa goumen Men m pa konplè lè m santi l lwen Li se tout sa m rayi men s on medikaman li ye pou mwen Li fè m adikte, fè kè m palpite A chak fwa m deside ale m pa ka kite Li fè m santi byen li fè m santi m ap viv Chak jou ban m manti fè santi m nayiv Li se gòg pa gen jou m pa iv M pa ka kontwole oh qu'est ce qui m'arrive Li fè m adikte, fè kè m palpite Li fè m akò a chak lè m deside ale m pa ka kite Li fè m aksepte manti poutan m konn verite Sa m santi a pifò poutan m konn vle lite Chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite Menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite Li konn jan pou l fè m piti li konnen m pa care Li konnen l ka fè m obeyi menmsi m pa kwè M konnen l renmen men m gen dout m pa kwè E nou toulède avèg nou konsyan men n pa care Si w anpeche m goute siwo sa m kapab fè on ka M pap kite w kounye a ni tou m pap ka fè l nan ta E pou l sa l fè pou mwen pa gen lòt kap ka fè on ka Kè m nan men l e m reziye m m pap ka fe yon pa Li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre M pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li Hooouuu, mpa ka viv san li Yeah yeah, yeah yeah, yeah yeah