M ta dwe komanse pa padon menm konn padone pa done Donk ou mèt òdone pou m ofri w tout sa m ka done M konn sa lè m damou m ka done, ann wè si and koòdone Tanpri pa fè m wont, puis-je avoir tes coordonnées? M vle konn adrese ou, sociale ou, pin ou Kiyès ki manman w, e kiyès ki kopine ou An tan que queen komanse rele m king ou M vle astroloji signe ou M vle konn menm ta string ou, wouch manman Tu sais que c'est un crime d'être aussi belle et aussi gentille M pa vin koze non m vin fon avanti Men kounya kite m file w pou w ka konn sa m santi M vin aprann, aprann de ou kon apranti Fè alye a verite pou m pa jan m ba w manti Se vre ou poko konnen m Men ou ka eseye m satisfè ou ranbouse, m ap renmen w a garanti M ap fin pra tèt ou, an swit m ap goute bouch ou Aprè m pral fè prezantasyon pou m pran men w Gen 1 milion rezon pou m renmen w, men m vle renmen w san rezon Si m konn pou ki rezon m renmen w, m pap renmen w M pa vle renmen pou renmen ni renmen w jan yo te renmen w M vle renmen w a on pwen kap fè m bliye jan m te renmen M vle renmen jan m renmen w, renmen w jan yo pot ko renmen w M ap renmen w, pou lè and pa renmen, pou w sonje jan and te renmen An fen, m vle renmen an fen M vle renmen san retenue, san kontwòl, san fren Une belle vie a 2 Je serais fou de 3, men 13 ka mare 14 Paske fwa sa m ka 10 ou si w fè m renmen an 20 M pa konn pou ou men m fatige pase moun M fin fè eksperyans nan lis mwen gen ase moun M fatige ret on senp ti souvni nan pase moun M vle resipwosite, m fatige renmen moun pase moun So ann fè on sèl pou on sèl ka vini nou M ap viv pou ou viv pou mwen pou mwen ka vini nou N ap rete an prive pou lang yo pa fini nou Ann ini nan Bondye pou Bondye ka ini nou M pral ale m prale a konviksyon Men avan apwoche pou nou fè on konklizyon M ap renmen w a transparans san dout san konfizyon M ap renmen w a kondisyon ke and renmen san kondisyon Si w ta mande m swiv ou M ap kouri tout on maraton Si se pou m ka nan vi w, ouu! Mwen pare pou m kite vakabon Di m kisa w vle, di m ki dragon pou m donte Pou merite on plas nan kè w Di mwen byen kont ki lame pou m al fè la gè Ki lanmè m pap travèse Ki tanpèt m pap brave Ki mistè m pap pèse Di m ki montagne mwen pap soulve Renmen w se pi gwo misyon m M mache a tout konviksyon m On sèl kondisyon se pou nou renmen san kondisyon On sèl kondisyon se pou nou renmen san kondisyon