Ou gen min nan fwon w Ou sere manton w W ap pale bouch gaye M pa wè sa mwen fè w Ou monte kabann Ou mete m ap tann Ou kouche an kan w nan gade M pa ka pran M sou pinisyon Poutan mwen inosan Ta sanble gen yon lòt moun deyò K ap bay pwoblèm nan kay la (M p ap travay o) (Non, m p ap travay o) (M p ap travay pou rival) M pa vle okenn kò etranje vin gate sa (M p ap travay o) (Non, mp ap travay o) Non, non non non (M p ap travay pou rival) Ou gonfle baby "Tu fais la coquine" Si w te konn jan m rayi Jan Silans ou Redwi M W ap fè m pantan Fè gwo move san M ap bay tout mwen G on lòt ki pran plis ke mwen M sou pinisyon Poutan mwen inosan Ta sanble gen yon lòt moun deyò a K ap bay pwoblèm nan kay la M p ap travay M p ap travay o M p ap travay Cheri, m pap travay An ven! Wouy (Oh oo) (Oh oo) (Oh oo) (Oh oo) Ou ka leve di bonjou Men yo pa vle reponn ou Pwoblèm nan ka se pa ou Se pito rival ou Si w remake se pa ensiste pou w pa pèdi jwèt ou Yon ti boubout akote pran mwatye plas ou Ou pa bezwen pèdi tan nan veye veye (non) S on vye Santiman Ensekirite (wi) M wè lanmou ki fè mèvèy, fè moun pédi fèy Fè foli wooo Ou ka leve di bonjou Men yo pa vle reponn ou Pwoblèm nan ka se pa ou Se pito rival ou Si w remake se pa ensiste pou w pa pèdi jwèt ou Yon ti boubout akote pran mwatye plas ou Ou pa bezwen pèdi tan Nan veye veye (non) S on vye Santiman Ensekirite (wi) M wè lanmou ki fè mèvèy, fè moun pédi fèy Fè foli wooo Oh oo Oh oo Oh oo Oh oo