Yeah yeah yeah yeah Ou bò kote m Poutan m pat ka santi doulè ou 2 je w nan je m Men mwen pat kapab wè tristès ou Ou bouke pale pale Pale chak jou Mwen pa janm tande Ou bouke chache chache Chache mwayen pou n kominike Konnya, remò vle fè m pann tèt mwen Reyalite a frape mwen jouk nan zo Konnya, sa m pwal fè ak tèt mwen Pou janm m konnen m gen defo Kilòt k ap pran mwen Sanble li twò ta pou mwen Pou m repare erè mwen Sanble li twò ta pou mwen Pou mwen lave peche mwen Banm chans mwen Banm chans mwen Fè pa mwen Fè pa mwen Sou mwen lanmou lage Menm pye l m pa kenbe Mache chache pat banm tan Pou m wè sa m posede Konnya, m ap (e) plenyen nan tout kwen Lè m leve nan kay la M ap fouye tout rak kwen M plede rele sou rele Men, ou pa ret sou bò mwen M ekri zanmi w, fanmi w Men, yo tout bloke mwen Sanble li twò ta pou mwen Pou mwen repare erè mwen Sanble li twò ta pou mwen Pou mwen lave peche mwen Banm chans mwen Banm chans mwen M ap chanje M ap chanje Woy cheri m santi m fèb Sewòm mwen bezwen Sewòm Woy m mele Woy m mele Woy m mele Pa gen anyen m pap bay Bebe, pa gen anyen m pap bay o Pa gen anyen m pap bay Bebe, pa gen anyen Ou mèt mande pou m leve latè Pou mwen pwouve w ke mwen chanje Ou mèt enpozem tout sa ou vle W mèt pase m lòd W mèt kòmande mwen Pa gen anyen m pap bay Bebe, pa gen anyen m pap bay Pa gen anyen m pap bay Bebe, pa gen anyen Ou mèt mande pou m leve latè Pou mwen pwouve w ke mwen chanje Ou mèt enpozem tout sa ou vle W mèt pase m lòd W mèt kòmande mwen Ou mèt kòmande Woy Cheri m santi m fèb Sewòm mwen bezwen Sewòm Woy m mele Woy m mele Woy m mele