Disèt Oktòb mwen te fèt jou yo te tiye lidè m nan Jean Jacques Dessalines Se sa k fè mwen mean yeah, mwen mean yea Laurent Lamothe pran kanè, Ti Tony kanè, Jacky pran kanè Bagay sa fè m sonje Lè yo te banm kanè Mwen met granmoun sou mwen Mwen te sipòte Prezidan Martelly zanmi mwen Mwen te tounen Ozetazini apre l te genyen Paske fò m te rebati karyè mizikal mwen Bagay nèf, nou te wè m an Brezil Bagay yo pa t fasil, men se mwen menm yo te chwazi Malgre opozisyon yo vle kraze pitit pèp la Men Bondye avè mwen tankou li avèk Pap la Kandida yo y ape tekste telefòn mwen Kote yo soti? Ki sa yo bezwen? Piyay la fini, granmoun sou mwen Lè a rive m ap vote Jude Celestin Lè a rive, lè a rive, lè a rive M ap sipòte Jude Celestin Kraze koripsyon, sispann deforestasyon Lè a rive, an nou al vote 31 10 depatman mwen vle nou tande Lè a rive, nou pral vote 31 Lè a rive, lè a rive, lè a rive Li lè pou n bati yon nasyon Lapeh ooo Lapeh Mwen vle yon moun ki renmen peyi l, ki respekte kiti l K ap panse pou andeyò ak lavil Mwen vle yon moun ki konprann soufrans, ke nou nan ijans Pa gen tan pou politisyen nan rans Mwen vle yon moun ki panse pou machann yo, elèv lekòl yo, anplwaye leta yo Nou vle doub nasyonalite pou dyaspora yo ka kontribye Ka jwenn dwa pou ou vote, vin senatè ak depite Se pa sèlman lajan pou n voye, se dwa sitwayen nou vle Lè a rive, lè a rive, lè a rive M ap sipòte Jude Celestin Kraze koripsyon, sispann deforestasyon Lè a rive, an nou al vote 31 10 depatman mwen vle nou tande Lè a rive, nou pral vote 31 Lè a rive, lè a rive, lè a rive Li lè pou n bati yon nasyon