Alo Wyclef Kiyès sa a? Se Malouda Ti frè m sakapfet? Fè vit, fè vit Avyon a ap tann nou Brezil dirèk Lè tout moun panse w fini Yo panse w pa gen lavi Se lè sa pou travay di Gen yon jou w'ap reyisi Lavi sa li plen sipriz Pa okipe moun k'ap di pòt fèmen p'ap janm ouvri Yo banou kle a Brezil, hey N'ap selebre mwen vle wè tout drapo anlè Menm si mouchwa nou se yon diferan koulè Jodia menm amou, menm kè, frè ak sè Leve drapo n wo, chante avèk nou Ayisyen m yo, konn sa nou vo Les Antilles m yo, konn sa nou vo Ayiti o, an nou vanse pi wo, an nou vanse pi wo Les Antilles o, an nou vanse pi wom an nou vanse pi wo Gade jan solèy klere Gade jan lalin briye Mezanmi gade m rive Rio de Janeiro Lari a gaye nouvèl Fanatik yo nan hotel Gade jan plaj yo yo bèl Yo fè m sonje lè m Jacmel, hey N'ap selebre mwen vle wè tout drapo anlè Menm si mouchwa nou se yon diferan koulè Jodia menm amou, menm kè, frè ak sè Leve drapo n wo, chante avèk nou Ayisyen m yo, konn sa nou vo Les Antilles m yo, konn sa nou vo Ayiti o, an nou vanse pi wo, an nou vanse pi wo Les Antilles o, an nou vanse pi wo, an nou vanse pi wo Aplodi seleksyon nasyonal nou an Malouda, Don Bosco pa pran gòl non Patrick Dépot bon bagay Dodinnen devan devan Ok, Tencha met tout dansè yo nan liy 1 2 3 4, woy Montre yo kòman Ayisyen danse Montre yo kòman Ayisyen danse Montre yo kòman Ayisyen danse Avanse avanse Ayisyen m yo, pouse pi wo Tout zanmi m yo, pouse pi wo Ayiti o, an nou vanse pi wo, an nou vanse pi wo Tout zanmi m yo an nou vanse pi wo, an nou vanse pi wo