Nan bouch mwen pou ou tande M’vagabon vre E’m konnen nan peche Pa gen fyete M brize kèw, m baw pil chay ou pat dwe pote Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Pou ou’m esseye chanje menm pa kapab Kite enfidelite mwen pa kapab E sim pa ta jwen chans poum tounnen avèw Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Men’m lèm fè erè Ou pa kenbem sou kè A chak fwa ou barem M’diw mwen pap rekomanse Si’w barem pita Lap yon dènye fwa Encore une fois Nan kèw mwen fè dega Nan kè'w mwen fè dega Dim poukisa lè nou ansanm Mwen pa ka rive konprann Kalite lanmou ou gen pou mwen Mil panse plen tèt mwen chak swa Pou tout sam fè ki pa sa Gad kijan map pèdi fanm mwen Ta tandew bay yon lòt ti kè’w Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Mwen pa ta vle yon lot rekòmanse avèw Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Wi m’konnen Ke se mwen Ki kraze sa’n te genyen E sim te ka chanje le pase m’tap fèl Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Memsi ta gen prolongation Abit soufle penalite m’pa kapab Gade nan var lan se pa vre m’pa kapab Match fini m’pa kalifye Glas la fonn li fè dlo Ta tandew bay yon lòt ti kè w Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Mwen pa ta vle yon lot rekòmanse avew Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye Pou ou’m esseye chanje menm pa kapab Kite enfidelite mwen pa kapab E sim pa ta jwen chans poum tounnen avèw Mwen konnen m’antò men se konsa’m ye