Gon kesyon ou renmen poze m Ou konnen m pa sere koze Ou vle m baw pou ki rezon W ap tann eksplikasyon Ou vle pou m babye (babye ba w) Mpaka di si wa p ban m presyon Oubyen si w pèdi konviksyon Sa mwen gen kom repons Mwen ak ou gen menm misyon Anyen pa p janm kapab separe n Ou di ou wè m chanje Ou paka wè kote m ye Ou pa bezwen enkyete w Pos radyo sa pa p chanje Ou pa bezwen ebranle Dèfwa m panse a kanpe Men gon ti vwa ki di m kontinye Cheri mwen dezole Wout lanmou plen ling brize Ou pa bezwen fache, babye la M konnen m ba w traka fè w jete dlo Mwen fè m fè pou w ta menm jete m tou Men sa m fini pa konprann Mwen avè w gen menm misyon Anyen pa p janm kapab separe n Ou di ou wè m chanje (poutan w fè'm santi m nan po m) Ou paka wè kote m ye (ou pa bezwen enkyete w) Ou pa bezwen enkyete w (ooo) Pos radyo sa pa p chanje (eee) Ou pa bezwen ebranle Mwen konnen nou kapab Nou gen fos ak kouraj Si nou ka la, nou la toujou M pa konn pou ou Men pou mwen, m gon pil lafwa nan nou Konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w San konte konbyen padon nou mande Ou ka leve chak jou la w ap babye Men m prefere tout sa ke separe Mwen di nou fèk kare la Nou, ooo nou fèk kare Bradsou bradsa, se sa l ye Solèy nan kè n ka briye Nou se marasa, se sa n ye Konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w San konte konbyen padon nou mande Ou ka leve chak jou la w ap babye Men m prefere tout sa ke separe Mwen di nou fèk kare la Nou, ooo nou fèk kare (Kenbe sere lanmou nan kay sa) Bradsou bradsa, se sa l ye (Solèy nan kè n ka leve) Solèy nan kè n ka briye (Nou se marase) Nou se marasa, se sa n ye Se sa n ye Se sa n ye Pa bliye Se sa n ye