Mwen te konnen nou te soude Menm lè n te de etranje Li te klè ke nou pral pataje Yon bagay serye M pat bezwen wè loraj gwonde Ret tann siyal yon mesaje Pou m te konnen ke nou pral anbake Nou se de nanm ki pare Pa di m ekzajere Pa sezi si yon jou m ta va di ou Ou se ezakteman pòtre sila Ki fè m kwè m ka fidèl Son w okazyon ki prezante l E mwen pa vle kou rate Paske si mwen ta wè w nan bra yon lòt vivan M konnen m ap malere Bienvenue Felisite Granmèt la rich an bonte vre Si l lakòz je m ak je w kontre Men m nan men w m ap danse Nanpwen pi bèl bagay ke sa Lanmou sa vle fè tèt mwen pati Wete mwen nan lavi bay manti Lanmou sa vle fè tèt mwen pati Ayayay se pa pawòl manti Manvi rete kote w rete Pou n pran boulva a pou nou de Tan an m ta rekòmanse Kouri dèyè w pou nou jwe Se pou di mwen lè w t ap leve Ki kote w te konn ale M anvi nou ale a de Pou n al revizite Lanmou sa vle fè tèt mwen pati Wete mwen nan lavi bay manti Lanmou sa vle fè tèt mwen pati Ayayay se pa pawòl manti M konnen w ka fè kèk eksperyans Kontre ak lòt nèg san konpetans Men w pa bezwen fè m retisans Mwen konn bay fanm enpòtans Ou pa ta kwè se ou m t ap tann M rete tann ou ak pasyans kè mwen te swap ou lontan Li pran twòp dezè twòp savann M pap eseye eseye konprann sak pase Gon w fòs ki prann ki mennenn la Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans Kot lanmou voye mwen mwen prale Kot lanmou voye mwen mwen prale Si w ta mande m eksplike Sa ki ban mwen konfyans sa Mwen konn plas mwen te rezève Ansan viann te kouvri zo n kò n te mare Enèji m avèk pa w sanble Pa gen aza ni chans nan randevou womans M pap eseye eseye konprann sak pase Gon w fòs ki prann ki mennenn la Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans Kot lanmou voye mwen mwen prale Kot lanmou voye mwen mwen prale Si w ta mande m eksplike Sa ki ban mwen konfyans sa Mwen konn plas mwen te rezève Ansan viann te kouvri zo n kò n te mare Enèji m avèk pa w sanble Pa gen aza ni chans nan randevou womans