Solèy la di fò l leve l douvanjou Lalin nan di li sou pran plezi l toujou Kòk yo fin chante limyè limen moun wè yo moun wè yo Zetwal yo kite syèl la toutouni Ou ka wè jan tete lavi blayi Tout moun ap founi je pou jwi Tan an make lanmou ak lamitye Pèsonn pa ka konprann Se tout mon ki siprann Chwi chwi chwi ap bouyi Zen pete Pèsonn pa ka konprann Se tout mon ki siprann Chwi chwi chwi ap bouyi Tripotay la komanse Granmoun ap ri kòlèt debraye Lannwit se kouri l kouri l al kache Moun sou latè wè tout fouk syèl la Yo kenbe bondye k ap foure je gade Depi w louvre je w ou pa ka pa gade Depi w louvri je w ou pa ka pa gade M di depi w louvre je w Ou pa ka pa gade Depi louvri je w Fon w jan pou gade Granmoun ap ri kòlèt debraye Lannwit se kouri l kouri l al kache Moun sou latè wè tout fouk syèl la Yo kenbe God la k ap vòlè je gade Depi w louvre je w ou pa ka pa gade Depi w louvri je w frè fò w founi je gade Maria k ap gade Maria gadagadagade Sagadou w lige Gaya gaya Gayagadegede De je tout moun anlè y ap gade Mahadeva mahadeva Pèsonn pa ka konprann Se tout mon ki siprann Chwi chwi chwi ap bouyi Zen pete Pèsonn pa ka konprann Se tout mon ki siprann Chwi chwi chwi ap bouyi Tripotay la komanse Eye eye Iyawo iyawo Men zafem Men zafem Solèy la leve sou pwent pye l panse l pral sove Men lalin gentan kenbe l Sou kabann lanmè pou wè jan yape fè foli Se pi bèl moman w moun ta dwe jwi