Depi w' tande Zenglen fè you bagay k'ap soti Fanatik yo motivè Asyèt sou bòl, yo chita ak kiyè kwaze Yo konn s'on bon pla, nou prepare (pou yo) Zenglen s'on jazz ki beni, tout Ayisyen chwazi Si m' manti di m' mantè Dwèt kite rès, nou pase 5e Vitès Never impressed, 'cause we're the best (oh yes) Nou pa fè machin pou fè back Necessité se avanse Nou pap pale pawòl crack Nou pè lasosyete N'ap kouri avèk anbisyon Pou n' ba kompa you lòt dimansyon Men n' fè antansyon n' pa konpfonn vitès ak presipitasyon Zenglen s'on jazz ki beni, tout Ayisyen chwazi Si m' manti di m' mantè Dwèt kite rès, nou pase 5e Vitès Never impressed, 'cause we're the best (oh yes) Pou w' opine fò w' infòme Osinon w' pral voye monte Gen 5 vitès dan lavi Se sa nou dekouvri Li di m' pa fè back, li pa bon Dèyè volan se li k' patwon Pandan li non wonn M wè sa l' pa konnen (Rete, ebyen l' kase tèt tounen wi la Yo, Kenny di Yves Leroy, men pwoblèm nan S'on 6 k'ap mande you 9, kòman w' fè kwochi konsa?) Kòman w' fè kwochi konsa? Miami! Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase (Anh! Jan l'ap jwe la li di l' genyen Ebyen jwèt la se qui perd, gagne li ye) Li kase tèt tounen li poko konnen (Se nan sans opoze li a epi li di l'ap kouri menm jan ak Zenglen Ala mechan!) Li kase tèt tounen Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase Paske n' renmen Bondye Maten midi swa n'ap priye Zòt panse n' tap dòmi Lè n' double yo, yo sezi (Timoun) Atansyon pousyè, nou pran 5e Vitès la N' kite satan jouk dèyè Ou mèt wè n'ap kouri, n' toujou chaje kontwòl Zenglen garanti bon son, bèl mizik, bèl pawòl (Timoun) Atansyon pousyè, nou pran 5e Vitès la N' kite satan jouk dèyè Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase Se konsa nou depoze 5e Vitès la pase Gen sa ki pase 5e tankou Zenglen (Yo kite satan jouk dèyè) 4e, gen nan yo ki pè kouri ki ralanti (Qui va lentement arrive surement) 3e Gen sa ki bouke ki kanpe 2e Gen sa k'ap fè bak tou pa bon Dènye a se monkonpè m' ki fenk kase tèt tounen la Nan sens unique sens opposé Jump around, jump around Jump up, jump up and get down (Repete) Jump around, jump around Jump up, jump up and get down (Ayisyen leve kanpe) Yo di ti jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Yo di gwo jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Jazz ki poko jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Jazz ki gen foli jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Ak modèl kompa sa n' pa ka kache Men nou nan lari a Ponyèt kompa Zenglen toujou gonfle Men nou nan lari a Yo di kote n' pase zèb pa pouse Men nou nan lari a Se 5e vitès la nou fenk pase Men nou nan lari a Nou nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a N' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a Jump around, jump around Jump up, jump up and get down Jump around, jump around Jump up, jump up and get down (Jwèt Chachou) Yo di ti jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Yo di gwo jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Jazz ki poko jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Jazz ki gen foli jazz ap mande pou nou Men nou nan lari a Ayisyen di Zenglen s'on pate cho Men nou nan lari a Timoun, granmou yo tout vle ti moso Men nou nan lari a Ponyèt kompa Zenglen toujou gonfle Men nou nan lari a Se 5e vitès la nou fenk pase Men nou nan lari a Nou nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a N' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a Jump around, jump around Jump up, jump up and get down (Come on) Jump around, jump around Jump up, jump up and get down (Gade misye, mesye!)