Ouh! You're in trouble Mezanmi! Yo pran m' Challenge bb a mwen di w' mesye Challenge madanm ou pou l' pa dedouble Konnen mennaj ou avan w' marye Sa ka ede w' detekte vis kache Lontan lò soti ak mennaj ou, ou oblije ap surveye Flannè k'ape tcheke, flannè k'ape blage Kounya bagay yo chanje, les chose sont devenues nouvelles Paske gen flannè mal et gen flannè femèl Apò sezi? Challenge bb a mwen di w' mesye Challenge madanm ou pou l' pa dedouble Konnen mennaj ou avan w' marye Sa ka ede w' detekte vis kache Vendredi swa m' soti ak boubout mwen Week-end lan bèl m'anvi danse zenglen Pandan m'ap byen dodo You bb frape m' nan do Manmzèl estomake, li di Se a mennaj mwen wi w'ap danse? (M' pa janm sezi konsa) M' mande madanm mwen kesyon Li di m' piga l ba l' presyon Depi l' te demwazèl Li renmen flannè femèl M' pa gen pwoblèm a sa non Men cheri fò m' konnen M ta byen renmen ladan l' tou Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou) Ou ka panse l' fidèl Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl) Avan w' kouri marye chèche konnen boubout ou (konnen boubout ou) Ou ka panse l' fidèl Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl) Oyy! Eksperyans mwen s'on leson Leson pou tout jèn gason Janm panse m' te macho Gad jan m' t'ap fè zero Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou) Ou ka panse l' fidèl Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl) Ay manman! Ay manman! Flannè femèl anvayi jazz la (ay manman!) Epi yo look good (ay manman!) toutan! (Ay manman!) Yes aya! Ay manman! Ay manman! Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche Se pou nou di m' ki kote brutus te marye (se nan zenglen) Se pou nou di m' ki kote richie fiancé (se nan zenglen) Se pou nou di m' ki kote eddie te marye (se nan zenglen) Se pou nou di m' ki kote ernst b. Fiancé woy (se nan zenglen) Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche Se pou nou di m' ki kote alan pral marye (se nan zenglen) Se pou nou di m' ki kote nicky fiyanse (se nan zenglen) Paske se nan jazz sa ke fanm ka trouve nonm et nonm ka trouve fanm, mwen di fanm ka twouve fanm Yo di se nan zenglen ke fanm ka trouve nonm et nonm ka trouve fanm et fanm ka trouve fanm Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou) Ou ka panse l' fidèl Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl) Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou) Ou ka panse l' fidèl Poutan l' s'on flannè femèl