Lavi sa a se yon flanm nan yon lanp plen gaz Si w' pa boule gason m' konnen w' pase raz Istwa yon dyaspora k'antre an ayiti Nan blakawout fènwa l' rankontre on bb Lanmou anvayi Li retounen New-York fè taxi blòk an blòk Fò l' travay voye chèche bebi li te gentan pa ka viv san li Maryaj pwopoze (o o) paran aksepte Lanmou pa gen moman Pangpangpandan! Sabor! Se pa tout lè big bang vle di kè kontan Fò w' ta blese nan lang anvan w' konn gou san Rezidans aplike U.S. apwouve Kou manmzèl vwayaje tout bagay chanje, li mande kite (oouh) Dyaspora fin fou kriye toupatou Manmzèl ki g'on mennaj ayiti bagay pou kriye se ri w'ap ri Divòs pa lapòs avoka sèl bòs Nan bagay sa nou nan zenglen nou di lanmou pa konn diaspora Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen Ayyy! Jènjan Ayiti toujou di djaspora anpeche l' gen fanm Djaspora ka bay tout lajan, fè kè paran kontan Men cependant yo pa konnen Jan djaspora yo ka trennen Lajan ka kreye you stabilité Lanmou toujou triomphé, nou tande Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen Ayyy! Poukisa n' toujou pran kou Lè nou tonbe damou? Lè yo mande n' sak lanmou Nou di siwo myèl, rapadou Nan lanmou gen St-Valentin Konsa tou gen St-Kaseren Si w' t vle kè w' sispann fè lafimen Aprann konn sak nan renmen W'a pi byen Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen Men kompa Bon nou menm nan Zenglen, nou pa vle moun rele n' DyasPora Kijan yo rele n' ti mesye? Rele n' Pora nan jazz la (that's ok) Se sou pora n' chita Twòp kou, ou wè mwen menm si m' pat gen kè m' te fou Lanmou pa konn diaspora Lanmou pa konn diaspora Lanmou pa konn diaspora Lanmou pa konn diaspora Lanmou ka dous des fois Des fois l' san fois ni loi Li pa care si w' blanc si w' nwa Lanmou pa konn ni règ ni wa M' pa ta di w' pou diaspora (Lanmou pa konn diaspora) M' pa ta di w' pou Jean Herard Richard (Lanmou pa konn diaspora) M' pa ta di w' pou Karim Bazaka (Lanmou pa konn diaspora) Alevwa pou Gracia Delva Ebyen pora, reziyen w', medam pora yo pran kou tou wi anh Tèt chaje