Zenglen Toujou anlè menm bato a Konsyantizasyon n ap chante sa lontan Men nou ap fè bak olye nou fè avan Si n pa rekonsillye vre pi devan Y ap bann plis non pote Konsyantizasyon n ap chante sa lontan Men nou ap fè bak olye nou fè avan Ann pa fè wont sèvi kòlè Rele sou kò nou pito Nou pot tout non tout move non Nou paka repete, pitit nou paka tande Nou fè listwa kòm gwo nasyon Nou te kòmanse byen Pouki nou pa vle fini byen Konsyantizasyon n ap chante sa lontan Men nou ap fè bak olye nou fè avan Li lè li tan pou n chanje konpòtman Konsyantizasyon n ap chante sa lontan Men nou ap fè bak olye nou fè avan Anmwe anmwe Rele anmwe nou ka kriye Rasanble pote kole Men pa fè kòlè sèvi wont je Diyite nou genyen fòk nou sove Olye n estomake Korije kaye n pito Kou sa p ap pase Aaa bon l pase deja Kou sa p ap pase Fòn fè efò pou l pa pase ankò Kou sa p ap pase Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach N oblije ap fè listwa pou yo N oblije rale liv yo N ap mande pou fè tradwi mizik sila pou yo Pou fè konnen jan nou te ede Etazini pran lendepandans Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach N oblije ap fè listwa pou yo N oblije rale liv yo N ap mande pou fè tradwi mizik sila pou yo Pou fè konnen jan nou te ede Etazini pran lendepandans Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach Ayisyen yo si nou estomake Sa se yon wake up call Si nou tap dòmi leve Pa gen anyen ke n te fè n pa ka refè Ayiti te perle des Antilles Nou p ap vin pran move konsiy Se devwa n pou n pwoteje imaj peyi a Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach Jodia yo rele l S H Ayiti Yon pèp k ap mache bay 4H Kolon sa yo kanpe kinalaganach