El que sabe, sabe. El que no sé, aprende Anpil fwa w'ap gade. Saw wè a se pa sa vre Gen bagay ki pase, fo w' ta viv li pou konn sa l' ye Pou kondane fok ou juje, prensip sa se ABC Li pa nan liv la, reyalite nou viv sa Lè w' pap jwe ou toujou wè Pi gwo kou zot ta dwe fè Eksperyans fè n' konprann Lè kanpe lwen ou ap gade Lè w' pi pre se pa sa l' ye Mete w' nan plas mwen Walk in my shoes Oo, w'a konnen Mete w' nan plas mwen Walk in my shoes Oo w'a konnen Pa Juje m', kondane m' Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m' Pa Juje m' (pa juje mwen), kondane m' (pa kondane mwen) Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m' Li fasil pou di ala nèg jalou papa (konnen w' pa konnen) Li fasil pou di sa k' rive a se bon pou li (konnen w' pa konnen) Se fasil pou di fanm sa 4 pitit 4 papa (konnen w' pa konnen) Nan chèche okipe yo, multipliye yo (konnen w' pa konnen) Pa Juje m' (pa juje mwen), kondane m' (pa kondane mwen) Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m' Pa Juje m' (juje mwen), kondane m' (pa kondane mwen) Fo w' ta nan plas mwen pou konn reyalite m' Se fasil pou di nèg sa bwè kleren tankou dlo (konnen w' pa konnen) Pil pwoblèm li pa wè anba l' pa wè anwo (konnen w' pa konnen) Li fasil pou di ala jazz pase mizisyen (konnen w' pa konnen) Jazz la pa chanje men se mizisyen yo k' chanje (konnen w' pa konnen) Emmi_Nix, el hombre que nunca falla Mete w' nan plas mwen Walk in my shoes Oo, w'a konnen Mete w' nan plas mwen Walk in my shoes Oo w'a konnen Paske ou pa nan plas mwen Ou panse se kou kreten Se konnen ou pa konnen Si w' viv youn nan jounen m' yo M' pa bezwen menm di w' you mo W'a banm you lot kout chapo